Ajan ladwann nan vil Pòtoprens dekouvri mèkredi 13 jiyè 2022 a, yon kantite katouch ak zam nan yon konntenè.
Ajan ladwann yo te rive mete men nan lannuit 13 jiyè sou anpil zam ak minisyon ki t ap eseye antre nan peyi a nan yon konntenè ki te gen franchiz.
Yon enfomasyon chèf pakè Pòtoprens lan, mèt Jacques Lafontant konfime : “Nan kad zak sa, lapolis deja arete de (2) moun ki te dwe resevwa zam yo ak katouch yo, daprè jounalis Robenson Geffrard”.
Selon sa medya Ted Actu fè konnen aprè li te fin pale avèk komisè gouvènman Pòtoprens lan, li deklare l :” Pou kounya kalkil zam ak katouch yo poko fèt”.
Pandan ensekirite ap vale teren tout kote nan peyi a nan mwens pase 2 semenn, Lapolis rive mete men sou plizyè kantite zam ak minisyon nan vil Pòdpè ak Pòtoprens.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022