2 Ayisyen rive pèdi lavi yo ayè dimanch 19 mas 2023 nan zòn Tiroly tou prè fwontyè ayisyano-dominiken an, aprè yo t al eseye fè fas kare ak kèk sòlda dominiken. Aksyon sila ta pase pandan yon pakèt ayisyen te mete ansanm pou te pran moto yon sitwayen dominiken, selon El National.
Nan kad pou te anpeche sòlda dominiken yo repran moto sitwayen dominiken an, ayisyen ki te enplike nan ensidan sila te deside atake otorite polisyè yo ak kout wòch. Sa ki te lakòz youn nan sòlda yo te rive blese.
Daprè lòt detay ki bay sou lanmò 2 ayisyen sa yo, yo te rive pran bal jouskaske yo mouri a se aprè sòlda dominiken yo te vinn ap tire sou yo yon fason pou te anpeche plis dega, epi repouse yo akòz atak yo te vle fè sou yo a.
Pou kounya, selon El National ayisyen yo bloke wout sa ki relye 2 peyi yo, pandan y ap boule kawotchou yon fason pou revandike lanmò konpatriyòt yo kay vwazen an.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023