Joselen Jean, se non yon jèn gason ayisyen 20 lane ki rive pèdi lavi l jodi dimanch 6 novanm lan nan komisarya Moka nan peyi Sendomeng. Nouvèl lanmò Joselen vini aprè l te finn resevwa 2 bal nan men lapolis dominikèn, vandredi ki sot pase la.
Daprè jounal Listín Diario, Joselen Jean mouri nan komisarya Moka, yon vil ki sitiye l nan pwovens Espaya nan peyi Sendomeng. Toujou daprè sa jounal la fè konnen, lanmò jèn ayisyen sa rive fèt nan yon sitiyasyon ki pa klè ditou. Pandantan sa jounal dominiken an konfime viktim lan te rive blese jou ki te vandredi 4 novanm pase a, e se ta polisye domiken ki ta lakoz lanmò jèn gason an.
“Li t ap sòti nan yon ponp pou l te mete gaz nan motè l, enpi lapolis te bay lòd pou arete l, nan sousi l te genyen pou papye, li sove sou lapolis aprè sa yo te tire sou li 2 fwa“, se deklarasyon Wilfred Fenelo, kouzen Joselen Jean, yon sous Listín Diaro site nan atik yo ki sòti jodi dimanch 6 novanm lan.
“Kèk sous te asire Listín Diario, Jean te prezante nan ministè piblik pou vòl enpi posesyon zam ilegal“, toujou daprè sa jounal Listín Diario fè konnen.
Jounal la rakonte, otorite polisyè dominiken yo asire yo, yo te fè tout demach pou kouri ak Joselen nan lopital Toribio Bencosme, ki chita kòl nan menm vil Moka a. Poutan se yon deklarasyon ki pa sanble ditou ak videyo k ap sikile sou paj kèk medya dominiken, ki montre kadav Joselen te sòti nan komisarya a e te ateri nan yon ti bis antrepriz finerè Floristeria Rosmeri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022