Yon gwo kokennchenn mobilizasyon pwevwa kont Lavi chè ak ensekirite epi enpòtasyon zam ak minisyon ilegal nan Dimanch 31 Jiyè, Lendi 1 dawout epi Madi 2 Dawout 2022 atravè yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo.
Mobilizasyon sa pwojte yon leve kanpe pandan l ap denonse divès masak nan plizyè katye popilè yo, tankou Kafou, Fontamara, Site Solèy, Matisan, Bèlè, Pènye, Tòsèl, Laplenn, elatriye.
Gwo leve kanpe sa se pral kont sitiyasyon malouk k ap ravaje peyi epi tou pwofite di “NON” ak gouvènman sankoutcha epi tout akolit li yo ki Sektè Demokratik Popilè(SDP), Fizyon, Pati Pitit Desalin, elatriye pou yo rache manyòk yo bay peyi a.
Nan menm Mobilizasyon sa, yo pral pwofite denonse mesye po jonn k ap ogmante richès yo sou klas defavorize epi denonse sektè prive ki bay ti mesye yo zam pou yo kapab fè fòtin yo nan transpòte machandiz tèt nèg.
Lansman 3 jou manifestasyon sa ap tann tout sektè nan peyi a, tankou medsen, Lapolis, ti machann, etidyan, travayè, elatriye anba Kafou Rezistans lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022