Ti gason 17 lane ki rele Emmanuel Batestie viktim vyòl kolektif anba men mennaj li avèk 3 lòt fanm ankò, nan dat 17 fevriye 2023 a, nan komin Gonayiv (Depatman Latibonit).
Emmanuel Batestie te depoze plent lan bay yon kabinè avoka, kote se Mèt Rosemond Steevens ki sou dosye a. «Patnè seksyèl li te envite l lakay li pou bwè 2 vè tafya. Konsa lè l rive yo kòmanse bwè. Demwazèl la te prepare vyann epi y ap manje. Konsa, 3 lot medam parèt ki se zanmi demwazèl la ki kapab petèt te resevwa envitasyon demwazel la tou, filing tafya monte yo, demwazèl la deside al pran yon koupe nan men misye nan chanm li pandan l kite medam yo anba galri a» eksplikasyon avoka viktim lan bay jounal Juno 7.
3 lòt medam yo te deside antre anndan chanm lan pandan Emmanuel Batestie, t ap fè sèks avèk mennaj li pou yo fè sèks avèk li tou, malgre viktim lan te deside fè sèks avèk youn, men li ta pral refize fè sèks avèk lòt 2 yo. Medam yo te deside fè presyon sou li epi vyole l pandan yo t ap ba li dwèt tou.
«Demwazèl la t ap fè anpil alsiyis, 3 lòt medam yo tande, yo deside antre nan chanm nan yo di si yo p ap konyen tou. Mennaj la se ri l ap ri olye li ta repouse medam yo» toujou selon Juno-7.
Mèt Rosemond Steevens te avanse pou li di «Yo kreve dèyè minè a, li menm ap mande tèt li si medam yo pa biseksyèl, si yo rive nan bay ti gason dwèt tou»
Selon Enquêt’action, nan yon atik li te pibliye nan dat 10 desanm 2020, vyòl fanm fè sou gason oubyen ti gason an Ayiti, se yon bagay anpil moun banalize.
«Vyolans ak vyòl gason ap sibi nan sosyete a se yon sijè ki rete anba tab, anplis jan anpil lòt moun fè sa pase pou blag. Poutan, se yon pratik ki egziste, nou ka konsidere l tankou youn pami tou vyolasyon dwa moun. Men, jiskaprezan, li toujou parèt difisil pou anpil moun dakò yon gason ka viktim vyòl tou. Akoz difikilte pou yo pwouve vyòl gason oubyen ti gason ap sibi, sitou ki gen yon dividal anje jiridik, sosyolojik epi sikolojik.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post