Nan lokalite Flon nan komin Leyogàn, yon ti gason 11 lane rive pèdi lavi li aprè l fin resevwa yon bal mawon nan tèt.
Kantite moun ki viktim ak bal mawon nan peyi a ap vin pi plis chak jou. Aprè etidyan Macenat Lebelt te mouri 11 fevriye a, akoz yon bal mawon li te resevwa nan sal klas li, ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, menm bagay la rive Pharel Merood Aujour. Ti gason sa ki gen sèlman 11 lane mouri ayè lendi a aprè l fin resevwa yon bal mawon nan lakou lakay li.
Pharel Merood Aujour se sèl grenn pitit madanm Shelda Pascal. Li te resevwa bal mawon sa pandan l t ap jwe boul nan lakou lakay li. Daprè enfòmasyon Reeky Louis ki se kouzen viktim nan pataje ak Mag Haiti, ti gason 11 lane sa a te al rann dènye souf li sou kabann lopital CAMEJO a, ki chita kò li Leyogàn.
Plizyè videyo ki ap pataje sou entènèt la montre tou doulè manman Merrod anndan lopital sa a. Madanm nan paka kenbe kò l aprè dram sa ki mete l nan yon moman difisil, puiske li pèdi sèl grenn pitit li akoz ensekirite a k ap vin pi wo nan sosyete ayisyèn nan.
Pharel Merood Aujour sot fete 11 lane nan dat ki te 9 fevriye 2025 lan, daprè kouzen li mesye Louis. Lanmò timoun sa a ogmante lis viktim zak fenomèn ensekirite a anndan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025