Ayè jedi 6 fevriye 2025 lan, yon avyon ki gen mak Cessna 208B gran karavàn ki te gen ladan l 9 pasajè ak yon pilòt disparèt nan eta Alaska, Etazini. Avyon sa te sòti nan yon zòn ki rele Unalakleet e te dwe ateri Nome, yon lòt vil nan menm eta a.
Pandan kòmansman ane 2025 lan, nouvèl yo pa sispann tonbe konsènan avyon k ap plede fè aksidan osnon k ap pran dife. Nan dat 30 janvye pase a, yon elikoptè lame amerikèn te frape yon avyon American Airlines nan Washington sa ki te lakoz 67 moun pèdi lavi yo. Premye fevriye a ankò, 7 lòt moun te mouri epi 19 lòt te sòti blese nan yon lòt aksidan ki te fèt Philadelphia. Pou kounye a, medya ameriken yo fè konnen avyon ki disparèt la se yon avyon konpayi Bering Air e yo poko janm ka jwenn tras li.
Se nan lè 2è nan maten alèt lan te bay sou vòl sa ki te sòti Unalakleet pou ale Nome, Poutan plizyè èdtan aprè li pa janm rive ateri, daprè sa Ajans Frans Près rapòte (AFP). Selon sa medya a di, 2 vil sa yo sitiye nan anviwon 235 kilomèt, yo separe pa Norton Sound, yon gwo bè nan lanmè nan Bering, sa ki vle di vil yo pa twò lwen.
Daprè sa lapolis nan Alaska revele, dènye enfòmasyon yo montre yo te jwenn dènye sinyal vòl la nan 3zè aprèmidi. Sa ki fè, yo te tou mete alèt disparisyon sou avyon an, pandan otorite yo menm tanmen rechèch yo yon fason pou jwenn tras li.
Chèf ponpye White Mountain an, Jack Adams, bò kote pa l, fè konnen avyon an disparèt ant Nome ak Topkok. Men, pou jwenn tras avyon sa a, sèvis ijans yo nan bò pa yo ap eseye lokalize aparèy la. Epi otorite lokal yo menm ap kontinye chache jwenn tout dènye enfòmasyon sou avyon an.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025