Nan atak bandi ak zam fè Kenskòf jodi dimanch 16 fevriye 2025 lan, yon sòlda lame Ayiti (FAD’H) ak 2 ajan Brigad Lè Pwoteje (BSAP) rive pèdi lavi yo. Daprè enfòmasyon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, pataje fòs lòd yo gen kontwòl baz Teleco, e repouse bandi yo.
Selon deklarasyon pòt pawòl adjwen an, lapolis ansanm ak fòs miltinasyonal la reprann kontwòl baz Teleco bandi yo te okipe maten dimanch lan. E se nan moman sa menm, li fè konnen yo dekouvri kò 2 moun ki se yon sòlda lame Ayiti (FAD’H) ak yon ajan Brigad Lè Pwoteje (BSAP). Mete sou sa, gen yon twazyèm moun ki se yon ajan BSAP ki pèdi lavi l tou, selon jounalis Frantz Duval.
Pou kounye a, responsab la fè kwè operasyon yo ap kontinye Kenskòf, yon fason pou mete deyò bandi sa yo ki vle pran kontwòl komin sa a. Fòk nou di, poko gen okenn bilan ki drese pou ta konnen kantite dega bandi yo fè, ni si genyen nan yo ki tonbe nan echanj kout bal ak fòs lòd yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025