Yon polisye kenyan sòti blese jodi madi 18 mas 2025 la nan afwontman ak gang nan lokalite Belo, nan Kenskòf. Selon pòt pawòl misyon miltinasyonal la, Jack Ombaka, ajan sa pa blese grav, men elikoptè te gentan vin pran li sou chan batay la.
«Polisye kenyan an blese, men li pa grav», daprè deklarasyon pòt pawòl Misyon Sekirite ak Soutyen an, Jack Ombaka. Yon enfòmasyon ki demanti sila yo ki te fè kwè polisye sa mouri.
N ap fè konnen, nan dat ki te vandredi 21 fevriye 2025 lan, responsab yo nan Misyon Sekirite ak Soutyen an (MSS) te demanti deja eimè ki te fè kwè gen polisye ki te mouri nan batay ak gang yo nan Kenskòf. Pou yo menm nòt sikonstans lan, se te yon fason pou denonse pwopagandis yo.
Pou kounye a, selon enfòmasyon ekip kominikasyon an te pataje genyen sèlman polisye Samuel Tompoi Kaetuai ki te mouri dimanch 23 fevriye 2025 lan, nan afwontman ak bandi Savyen yo nan zòn Segi, nan Latibonit. Ajoute sou sa, nouvo ajan sa idantite li poko revele a ki sòti blese.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025