Nan yon atak gang ak zam kowalisyon Viv ansanm fè nan Fò Nasyonal jodi mèkredi 19 fevriye 2025 lan, yon polisye ki pote non Fito pèdi lavi l anba bal gang yo. Fito se te yon ajan nan Biwo k ap Lite Kont Trafik Dwòg (BLTS).
Bandi ki nan Viv ansanm yo pa sispann fè atak sou katye Fò Nasyonal, Solino ak Nazon. Se depi nan aswè madi 18 fevriye a, gang sa yo ap simen bal nan Nazon sitou zòn Kodada, daprè sa yon abitan di Mag Haiti.
Pou aprè midi 19 fevriye a, kriminèl yo tante yon lòt fwa ankò atake katye Fò Nasyonal, zòn Sen Michèl. Atak sa deja lakoz 3 moun pèdi lavi yo pami yo, polisye Fito ki sòti nan BLTS.
Abitan yo nan kapital la sitou sila yo k ap viv Kanapevè, Pako, Debisi ak Tijo anba gwo presyon akoz menas gang. Poutan, otorite yo poko pran okenn mezi pou reprann teritwa ki deja pèdi yo pandan jounen jodi a yo kontinye ap resevwa materyèl pou batay kont bandi.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025