Sebastian Noisy se non pitit gason aktè Ayisyen tout moun konnen sou non Smoye Noisy ki mouri Etazini samdi ki te 22 fevriye 2025 la. Selon enfòmasyon NBC Miami pataje, lanmò Sebastian vini aprè yon polisye te tante metrize l ak yon aparèy yo konn bay moun kouran.
« Daprè lapolis Noisy mouri 3 èdtan aprè l rive lopital », se deklarasyon lapolis jounal sa rapòte.
Selon medya entènasyonal la, Sebastian Noisy ki te genyen sèlman 25 lane al rann dènye souf li lopital. Yo eksplike aksyon sa pase aprè lapolis nan vil Pembroke Pines te resevwa yon apèl pou sinyale prezans yon moun sou yon pwopriyete prive.
« Ajan yo te resevwa yon apèl sou yon moun ki te antre san pèmisyon nan yon kay prive. Kote li te antre pye atè nan yon ma dlo ki twouve l nan blòk 20200 Pembroke Road la », toujou daprè sa NBC Miami di. Pi devan, yo soulinye, Sebastian te mete tèt li an danje, puiske nan dlo li t ap mache a te gen anpil bèt sovaj ladan l. Yo revele tou, fason li t ap mache nan dlo a pa t nòmal ditou.
Nan yon premye tan, yo fè konnen ajan yo te pale ak li pou te mande l non l epi si li te bezwen èd. Se la, rapò lapolis la mansyone li te vin fè kòlè epi ap bat kò li.
« Pou te kalme li, yon ajan te oblije ba li gaz ki gen pwàv, men sa pa t fonksyone ». Nan yon dezyèm tan, yo eksplike rapò a di ajan an te itilize yon tazè, ki se yon aparèy pou bay moun kouran nan lide pou metrize yo. E se aprè zak sa menm medya a di pitit aktè a rive mouri 3 èdtan aprè yo te fin mennen l lopital.
Pou kounye a, lapolis nan depatman Florid anonse yo deja louvri yon ankèt. Yon fason k ap pèmèt yo konnen kisa ki lakoz jèn gason an rive pèdi lavi li a. Nan bò pa fanmi an, poko gen pyès reyaksyon piblik fas ak dram sa, men plizyè pèsonalite gentan reyaji pou montre solidarite yo pou gwo aktè ak reyalizatè Ayisyen an ki nan yon moman difisil.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025