Majistra Santiago Riverón ki ap dirije vil Dajabón trennen nan kòlèt plizyè ti ayisyen ak yon granmoun pou al depòte yo an Ayiti. Nan yon videyo Listín Diario pibliye jodi jedi 15 me 2025 lan li montre kijan menm otorite sa a ap imilye timoun sa yo ki deja t ap viv nan lari Sendomeng.
«Nou fè plis jefò pou arete yo paske Ayisyen yo pa sispann fè dezòd nan tout peyi a», se deklarasyon sa majistra Santiago Riverón fè pou te jistifye zak li a. Nan videyo sa a nou rive remake te gen anviwon 6 ti gason ak yon granmoun Ayisyen ki t ap dòmi anndan pak Juan Luis Franco Bidó a ki chita kò li nan lokalite Dajabón. E pyès nan sitwayen sa yo pa t epanye fas ak move tretman otorite a t ap ba yo anfas kamera yo. Men, selon jounal dominiken an gen youn nan timoun yo ki te rive chape poul li.
Fòk nou di, depi ayè mèkredi 14 me a mesye Riverón pa sispann klèwonnen li bay tout Ayisyen ki san papye 5 jou pou kite teritwa li a. Osnon li menase pou ni li menm, ni ajan imigrasyon ak sòlda lame dominikèn yo mache pran yo.
Nan menm sans la, li anonse mezi sa yo konsènan kèlkeswa paran ki pa legal. Men pou pitit yo ki gen papye yo, li fè konnen y ap kapab rete. Pou sa ki gade mèt kay ki lwe Ayisyen ilegal yo, li soulinye menm yo menm tou otorite dominiken yo ap depòte.
Nan dosye imigrasyon sa a Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) di li depòte 226 117 Ayisyen san papye nan selman 9 mwa. Anplis sa a, genyen prezidan dominiken an Luis Abinader ki te deside reyini ak plizyè ansyen prezidan tankou Leonel Fernández, Hipólito Mejí ak Danilo Medina sou Ayiti. Objektif diskisyon sa a se te nan lide pou te kapab reflechi sou kriz ayisyèn nan epi analize divès mezi Repiblik dominikèn pran kont sitwayen ayisyen yo.
Daprè Listín Diario, lidè sa yo jwenn yon akò kote y ap kreye plizyè gwoup travay bilateral pou kapab detèmine yon politik nasyonal pou Ayiti. Mete sou sa, gouvènman Abinader la angaje l pou l toujou bay ansyen prezidan sa yo yon rapò sou sekirite nasyonal la ak sou jan kriz Ayiti a aji sou peyi yo a. Konsa tou, yo prevwa pale epi dakò sou yon politik etranje ki gade enplikasyon sitiyasyon Ayiti a. Poutan, malgre reyinyon sa a te fèt sou sitiyasyon peyi a okenn otorite ayisyen pa t la pou diskisyon yo.
Fòk nou di, jounal la rapòte tou gwo chèf sa yo te rive deklare : «Kriz sosyopolitik peyi sa a pa gen solisyon dominikèn pou li».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025