3 avril 2024-3avril 2025 fè yon lane depi politisyen ayisyen yo atravè divès pati politik te mete yo dakò ak CARICOM pou te kreye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Pandan lane sa a, anpil pwomès te fèt pou te tabli lajistis, Eta dwa, remete sou pye ekonomi an, asenisman anviwonman an, rekanpe enfrastrikti yo, ak sistèm jidisyè a. Men, jiskounye a anyen pa rive fèt, okontrè vin gen plis ensekirite an Ayiti.
Se aprè yon konvokasyon an ijans ki te fèt lendi 11 mas 2024 la, Kominote Karayib la (CARICOM) Lafrans, Kanada epi Etazini te al kontre nan peyi Jamayik. Kote yo te pran desizyon pou peyi a gen konsèy prezidansyèl avèk 7 manm ladan li. Akò 21 Desanm, Akò Montana, Fanmi Lavalas, RES : Revèy Nasyonal, Angajman pou Devlopman (EDE), Pitit Desalin, Kolektif 30 Janvye, sosyete sivil se aktè ki te met tèt yo ansanm pou sa te fèt.
Nan yon dokiman ki pote non “Akò Politik pou yon tranzisyon pasifik epi nan lòd” yo te siyen epi pibliye, Konsèy la te prevwa pou gouvènman tranzisyon an tabli lajistis ak Eta dwa nan peyi a. Yo te di y ap mete sou pye yon pakè finansye nasyonal espesyalize pou jere dosye ekonomi ayisyèn nan. E yo te di tou y ap mete yon enstans k ap voye je anndan administrasyon piblik la ak lòt enstitisyon otonòm yo pou ankete sou divès krim ki fèt nan sosyete a. Selon yo menm se t ap yon mannyè pou lite kont koripsyon ak enpinite a.
Kontrèman ak aksyon sa yo yo te di yo pral fè yo, menm manm KPT a te deside vyole pwòp akò a. Puiske, atravè yon dokiman yo te siyen, 6 Konseye, mete sou kote Edgar Leblanc Fils, te pèmèt Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Smith Augustin toujou rete nan Konsèy la. Alòske, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) te jwenn men yo tranpe nan gwo eskandal koripsyon nan dosye Bank Nasyonal Kredi a (BNC).
Pou te mennen bak peyi a, KPT a te anonse madi 7 me 2024 la, chak 5 mwa gen 4 moun nan mitan yo ki pral jwe wòl prezidan. Efektivman se youn nan pwomès ki plis respekte pa rapò ak lòt sa ki konsène sekirite an Ayiti. 7 me rive 7 oktòb 2024 la, se te tou pa Edgar L.Fils, 7 oktòb pou 7 mas 2025 lan, Leslie Voltaire te pran tèt Konsèy la. Pou kounye a pandan peryòd 7 mas 2025 la pou 7 dawout k ap vini an, se Fritz Alphonse Jean ki nan tèt KPT a.
Fòk nou di, ant yo menm ak gouvènman Garry Conille an te gen gwo diskisyon konsènan revokasyon ansyen minis zafè etranjè a, Dominique Dupuy. Se sa ki fè, pandan moman yo a peyi a gentan sou 2 premye minis. Ki se Garry Conille ak Alix Didier Fils-Aimé, ki li menm la toujou.
Pandan lane KPT a, plizyè masak fèt nan peyi a tou. Nan Waf Jeremi, Kenskòf ak Chatoblon Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) di gen pou pi piti 269 moun ki mouri ototal. Nan mwa oktòb 2024 la menm, bandi Savyen yo te masakre plis pase 115 manm popilasyon an.
Pou sa ki gade teritwa ki tonbe anba kontwòl nèg ak zam yo nou jwenn Sodo, Mibalè, Taba 27, Pòs Machan, Solino, Kenskòf, Nazon, Kafoufèy, Kriswa, Dèlma 30 ak 19. Nan zòn sa yo, divès enstitisyon leta ak prive oblije fèmen osnon al tabli kò yo lòt kote akoz vyolans gang yo. Bandi te pwofite kase prizon yo tou ladan yo nou jwenn Penitansye Nasyonal, prizon sivil kabarè, Kwadèboukè, ak Mibalè kote yo libere plizyè prizonye ak gwo kriminèl.
Pandantan sa a, chif moun ki kouri pou zak bandi yo nan peyi a menm kontinye ap ogmante. Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon yo (OIM) te fè konnen 14 janvye pase a, gen plis pase yon milyon moun deplase anndan peyi a. Kèk jou aprè rapò sa, plizyè milye fanmi te kouri kite kay yo nan Kenskòf, Mibalè, Avni Kristòf ak zòn sou kote yo yon fason pou chape anba vyolans gang yo. Menm Òganizasyon sa a te revele 5 mas 2025 lan, nan sèlman 2 semèn yo resanse 25 000 lòt moun deplase anndan peyi a ankò.
Edgard Leblanc Fils, Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Laurent Saint-Cyr, Emmanuel Vertilaire, Leslie Voltaire, Régine Abraham ak Frinel Joseph se moun yo ki se manm Konsèy la. E ki te pwomèt lapè ak sekirite an Ayiti a.
Jounen jodi a anpil aktè politik konsidere akò 3 avril la ekspire. Poutan, KPT a paka renouvle tèt li sitou aprè konsta divès echèk sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025