Yon jounalis mouri, 9 lòt moun blese pami yo 2 polisye, se premye bilan atak bandi fè sou lopital Jeneral jodi madi 24 desanm 2024 la. Pwofesyonèl laprès sa yo ki ap travay pou divès medya anliy viktim pandan yo t al kouvri aktivite reouvèti lopital Jeneral ki te dwe fèt jodi a menm an prezans minis sante a, doktè Duckenson Lorthe Blema.
Pou kounye a, gras ak entèvansyon polisye nan Direksyon Depatmantal Lwès (DDO) jounalis sa yo ki te anndan lopital la rive sòti. Pandantan sa, bandi yo nan bò pa yo pa sispann tire sou lopital la, kote gen gwo afwontman ak lapolis.
Jimmy Jean se non jounalis sa ki pèdi lavi l la. Tandiske, genyen Petion Robens, Baltazar Reginald, Velondie Miracle, Florise Deronvil, Jean Jack Aspèges, Jocelyn Justin, ak Rosemond Vernet ki sòti blese anba bal bandi yo. Pami jounalis medya anliy sa yo, genyen ki pran bal nan bouch, nan vant ak nan pye.
N ap soulinye, avan atak sa anpil travay netwayaj te kòmanse fèt nan anviwon pi gwo lopital peyi a jiskaske nèg ak zam yo te vin fè atak sa. Fòk nou di tou, se pou yon 2yèm fwa bandi ak zam yo rive anpeche reouvèti lopital la malgre tout desizyon otorite yo nan leta a te pran.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024