Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société International

Yon jij federal kanpe dekrè Trump te pran pou retire dwa timoun ki fèt sou tè a vin ameriken an

Mag Haiti by Mag Haiti
January 23, 2025
in International
0
Yon jij federal kanpe dekrè Trump te pran pou retire dwa timoun ki fèt sou tè a vin ameriken an

Jij federal John Coughenour sispann pou yon ti tan jodi jedi 23 janvye 2025 lan dekrè prezidan Donald Trump te pran pou te retire dwa timoun ki fèt sou sòl la, ki gen paran ilegal, vin gen nasyonalite amerikèn.

Jij la pran desizyon sa paske l estime dekrè a pa gen anyen pou wè ak konstitisyon amerikèn nan. Nan sans sa, li deklare se yon lòd ki enkonstitisyonèl.

Daprè CNN, jij John Coughenour te akòde yon demann bò kote pwokirè jeneral Washington nan, Nick Brown, ak 3 lòt eta demokratik. Sa te fèt nan lide pou dirije yon lòd ijans pou sispann aplikasyon politik la pou 14 jou k ap vini yo, annatandan plis seyans fèt nan kad kontestasyon jidisyè k ap fèt yo.

Medya ameriken an soulinye, menm eta demokrat yo ap dirije yo mande yon òdonans pou kanpe pandan yon ti tan dekrè Donald Trump. Yo mande sa paske daprè sa yo di, li se yon vyolasyon 14yèm amannman konstitisyon an ki li menm bay garanti pou tout timoun ki fèt sou tè a genyen sitwayènte ameriken.

Pandantan sa, genyen Lane Polozola ki se avoka nan eta Washington ki fè jij la konnen timoun paka sispann fèt pandan tribinal la li menm l ap etidye dosye a.

N ap fè remake, dekrè sa nouvo prezidan ameriken an te siyen menm jou li envesti nan fonksyon li a te entèdi gouvènman federal la bay paspò, sètifika ki pwouve sitwayènte oswa lòt dokiman ak kèlkeswa timoun ki fenk fèt, ki gen paran yo ki gen estati ilegal osnon tanporè Etazini.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 367
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Otorite imigrasyon ameriken yo arete 308 kriminèl san papye nan yon sèl jou

Next Post

Yon petisyon lanse pou entèdi Garcia Delva ak Mass Konpa al jwe nan fèt patwonal Gwomòn

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yon petisyon lanse pou entèdi Garcia Delva ak Mass Konpa al jwe nan fèt patwonal Gwomòn

Yon petisyon lanse pou entèdi Garcia Delva ak Mass Konpa al jwe nan fèt patwonal Gwomòn

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,425)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,911)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,015)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,810)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?