Widley Joseph se non yon jèn gason ki gen sèlman 21 lane ki mouri ayè jedi 15 septanm lan sou wout Ayopò toupre antrepriz Berman Motors la. Papa viktim nan kise Makson Joseph Akize lapolis paske li te wè kijan yo tap boule pitit li tou vivan.
Papa a tap eksplike sou RTVC kijan li tap swiv tout sèn avan polisye yo te deside mete dife tou vivan sou Widley malgre li pale avè yo plizyè fwa.
“Lè m rive mwen wè kò a, men mwen wè lap bat, li poko finn mouri, li fè nenpòt inèdtan ap bat. Lè mwen parèt detanzantan l ap leve dwèt li”, sa se deklarasyon papa a ki di nan yon ti moman li wè bakòp la ap fè bak pou antre anba ponp gazoline ki toupre a, yon polisye pran yon bidon li al mande ponpis la yon ti gaz.
” Mwen kanpe anfas la m ap gade aksyon an. Ponpis la di pa gen gaz, vin gen yon moto k ap pase lèm gade mwen wè yon polisye kanpe moto a pou yo pran gaz. Moun yo di gaz la yap pran se pou boule pitit ou a. Al mande ou ka gentan ale avè l lopital, lè m wè sa mwen reziye m an bon papa, lè m avanse sou bakòp la mwen di mesye sak genyen, gen yon polisye ki desann ki di m sa w genyen mwen di li se piti mwen, pitit mwen pa vòlè, banm pitit Mwen. Li di m ebyen al chèche yon anbilans gen yon lòt ki di m fout deplase épi li fe 2 bal m telman sezi m pa konn sise sou mwen li tire m kouri m travese lari a yon moto pranm.”
Papa viktim nan fè konnen malgre li eseye pale ak yo, yo tire deyèl epi yo mete dife kanmenm sou piti li a pan dan li potko mouri.
“Lè m gade m wè yo pran moto a yo vide gaz la, yo desann nan lari a yo pran yon kawotchou, lè sa m avanse m di mesye ban m mennen l lopital mezanmi, nèg yo fè yon rafal bal ankò. Tout sam fè yo pa vle, lèm vire pou al pran l pou m ta mete deyè moto a, lèm gade yo mete kawotchou sou li, moun yo kenbe m yo dim pa ale y ap tire m. Mwen wè yo simen gaz yo mete dife malgre pitit mwen ap bat anba dife a, se tou vivan lapolis touye l.”
Pandan li finn akize polisye yo, papa viktim nan fè konnen pitit li pa vòlè se yon jèn gason ki sou lekòl li te menm rive dezyèm loreya pou depatman lwès la.
“Pitit mwen se dezyèm loreya nan egzamen leta pou depatman Lwès la, tout bagay finn regle pou pitit mwen pati al etidye medsin nan peyi etranje”, sa se deklarasyon papa viktim lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post