Lapolis Leyogàn mete anba kòd Louivens Montina ki gen 17 lane poutèt li touye papa l, ansyen Kazèk Louis Montina. Se akize a ki revele enfòmasyon sa a devan otorite polisyè yo ki di yo li te fè zak la ansanm ak 25 lòt endividi pou te bay papa a plizyè bal nan dat 6 janvye pase a, nan seksyon Opak.
Se jounen jedi 27 mas 2025 lan, lapolis nan vil Leyogàn prezante bay laprès endividi sa ki touye papa li a. Daprè temwanyaj li, 25 konplis li yo se manm yon gwoup gang nan komin nan. Pou te fè zak sa a, li eksplike mesye yo te kraze pòt kay Louis Montina ki se tou yon ansyen pwopriyetè bolèt.
Daprè responsab polis yo nan Leyogàn, aprè endividi yo fin kraze pòt la, Louivens Montina te vin bay papa l 4 katouch nan tèt ak nan je : « Lè papa a paka mouri, yo te koupe tèt li, yo mete l sèch epi yo bwè tafya ladan l», se sa lapolis fè konnen pandan l soulinye yo mete dife nan rès kò a ak tout kay la.
Aprè zak sa a, akize a te vin santi l paka rete nan zòn nan se sa ki te pouse l kite l epi al pran refij li kay yon matant li nan zòn ki pote non dèyè Mòn. Fòs lòd yo nan Leyogàn fè konprann se gras ak enfòmatè yo, yo rive poze lapat sou endividi an 14 mas pase a epi kenbe l pou fè suivi nesesè yo.
Pou kounye a akize a nan prizon. E nan odisyon li an li te di otorite polisyè yo genyen 3 gang k ap opere nan 7yèm seksyon Opak, nan komin Leyogàn, kote genyen « anba sous » ki anba kontwòl chèf gang Claude. Gwoup gang sa, selon detay jèn gason an bay gen ladan l anviwon 35 jèn fi ak gason e li menm tou fè pati manm gang sa a. Li pote prezisyon tou pou l di baz gang sa, papa l Louis Montina t ap dirije l.
Pi lwen, adolesan an enfòme fòs lòd yo papa l te gen anviwon 8 zam, e fè konnen tout zam sa yo nan men manm gwoup bandi sa. An menm tan an, li deklare 2yèm gwoup gang nan sòti Kafou e li anba kontwòl Krisla, e 3zyèm gwoup la tou se ta yon sèten Guyto ki ap dirije l nan zòn Miyay ki twouve l ant Kafou ak Opak.
Gwoup sa konn fè peyizan yo peye pou jaden, vòlè yo konn kase kay yo. Se yon total mil goud bandi sa yo konn pran nan men peyizan yo pou bèf ak cheval ki pral vann selon sa Louivens deklare.
N ap soulinye, endividi a ki pa di pou kisa li touye papa l rekonèt li te pwomèt li yon bèf poutan se yon lòt moun li bay li. Aprè odisyon l jounen jedi a, Louivens ta dwe al nan pakè Tigwav. Lapolis Leyogàn te tou pwofite mande abitan yo pou yo toujou kolabore ak yo, yon fason pou rive kraze gwoup gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025