Jeandline Pierre se non jèn fanm ansent sa ki rann dènye souf li lopital mèkredi ki te 22 janvye 2025 lan, aprè plizyè jèn gason te deside maspinen l ak kout boutèy epi gwo kou nan yon pwogram. Selon enfòmasyon yo, aksyon sa pase depi dimanch ki te 19 janvye a nan ri 22, nan yon ba ki pote non «Tipsy Bar & Grill» nan Okap.
Lanmò Jeandline pwovoke anpil reyaksyon sou rezo yo aprè yon videyo vin pran lari ayè vandredi a. Nan videyo sa, tout moun kapab wè zak la te fèt an prezans anpil moun ki swa t ap bat bravo oubyen te kanpe rèd ap gade aksyon an. Anpil nan moun sa yo pa t menm deside sove lavi jèn fanm sa anba men gwoup jèn gason sa ki t ap tire kout boutèy, kalòt, ak kout pye sou demwazèl la.
Jiskounye a pa genyen twòp detay sou sa ki te mennen bouch pa gou ant Jeandline ak mesye yo. Men, daprè enfòmasyon plizyè medya lokal pataje, jèn fanm sa te ansent 5 mwa, e akoz blese ak kou li te resevwa yo li pa rive viv malgre li te sou kabann lopital.
Nan videyo a, nou kapab remake se anviwon 3 jèn gason ki mete ansanm pou te bat Jeandline, pandan gen 4 lòt ki t ap eseye evite dram sa nan foul la. Pami moun ki lakoz lanmò dam nan, anpil moun ki te sou plas rive idantifye Pierre Cédrick alyas «Kòmandan Blòk 22» ki se ta pitit yon polisyè.
Selon temwanyaj kèk moun, se pa premye fwa zak sa yo ap fèt nan zòn sa, e sitou nan ba sa. Se pou tèt sa, kòm reyaksyon anpil moun sou rezo sosyo yo mande pou lajistis nan Okap degaje l mare tout endividi ki enplike nan zak malonèt sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025