Moun yo pa rive idantifye touye ak bal jodi dimanch 5 janvye 2025 lan, jèn antreprenè Roberson Rendel nan paking legliz Notre-Dam pèpetyèl sekou ki nan Dèlma 75 lan. Selon presizyon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, zak ki fèt la se yon egzekisyon e moun ki fè l yo te abiye menm jan ak moun ki te vin legliz la.
«Pandan Roberson Rendel t ap desann machin li te genyen 2 nèg ak kostim ki te gen zam sou yo, yo louvri kout zam sou li. Li pran antou 7 bal, 4 nan tèt, youn bò kou 2 anba bra, youn nan zepòl gosh li», daprè sa Lionel Lazarre fè konprann.
Pi lwen, kontrèman ak enfòmasyon ki te fè kwè ansasinay Roberson Rendel la se te zak bandi ak zam, pòt pawòl adjwen PNH la defann pou di se te pito yon egzekisyon. Nan deklarasyon li yo, Lionel Lazarre fè kwè non sèlman se pa t yon fiziyad men tou pa gen okenn lòt fidèl legliz katolik sa ki blese oubyen mouri.
«Pa gen fidèl ki blese, Polis Nasyonal Ayiti an mezi pou l demanti enfòmasyon sa ki sou tout rezo yo ki fè konnen se bandi ki antre legliz la. Nou kapab konsidere sa ki pase a kòm yon egzekisyon», toujou selon pawòl responsab la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025