Yon fize antrepriz SpaceX, milyadè Elon Musk ak dirije, eksploze jodi jedi 16 janvye 2025 la, aprè yo t ap eseye fè premye vòl yo ak megafize ki rele « Starship » la. Moun ki Ayiti te menm wè enpak aksyon sa, kote prèske tout moun nan divès vil nan peyi a te remake plizyè ti limyè nan syèl la.
Kontrèman ak anpil moun ki te panse se misil oswa ekstraterès ki nan peyi a, enfòmasyon yo fè kwè limyè moun te remake nan espas ayeryen ayisyen an jodi jedi a se te pito rès yon fize ki eksploze. Fòk nou di, se pa sèlman moun Ayiti ki te wè ti limyè sa yo, moun an Repiblik Dominikèn, Tik ak Kaykòs deklare yo te wè l tou.
Selon detay SpaceX bay aprè yo te fin lanse Starship la nan vil Tekzas jodi a, nan yon premye tan yo te gen chans rejwenn premye etaj megafize a. Men nan yon lòt tan, yo te vin pèdi kontwòl dezyèm etaj la jiskaske yo fè konnen li te vin eksploze. Se sa tou ki eksplike limyè moun yo te wè k ap pataje sou tout rezo sosyàl yo.
Daprè presizyon Elon Musk, yo jwenn pati pare-feu ki tou pre motè a te gen oksijèn ak gaz ki te sòti ladan l. Se sa ki fè, li tou anonse yo pral mete dispozitif kont dife ladan epi ogmante zòn vantilasyon yo.
« Ak yon tès tankou sa, siksè a ap vini ak sa nou aprann, vòl jodi a ap ede nou amelyore fyabilite Starship », se sa responsab yo fè konnen. Menmsi sa pase konsa, patwon yo a anonse yo poko gen lide chanje dat lòt vòl yo te prevwa pou mwa fevriye k ap vini an.