Selon jounal ABC News, Sudiksha Konanki ki se yon etidyan endyen ki ap viv Etazini ta mouri nwaye Repiblik Dominikèn. Avan nouvèl lanmò a, jounal la presize okenn moun pa t gen nouvèl Sudiksha Konanki depi jedi ki te 6 mas 2025 lan.
Nan yon atik li pibliye jodi lendi 10 mas 2025 lan, ABC News fè konnen etidyan sa te vwayaje ak 5 lòt etidyan al Punta Cana, Repiblik Dominikèn. Li soulinye, se ayè dimanch lan, otorite Loudoun yo nan Virginia konfime jèn fi a ta mouri nwaye depi pandan semèn pase a.
«3 responsab dominiken ki enplike nan ankèt la deklare bay ABC News, Konanki t ap mache sou plaj la ak 6 lòt moun avan menm li te nwaye nan oseyan an», se jounal la di.
Toujou selon medya a, Sudiksha Konanki se yon Endyèn, men li se rezidan pèmana legal Etazini. «Li fè konnen, daprè yon rapò ankèt lapolis dominikèn ABC News revele pifò nan gwoup la te retounen nan otèl la pandan lannuit lan, men yon moun te rete avè l sou plaj la e te al naje ak li epi gwo vag yo te pote yo ale».
«Dènye fwa yo te wè Konanki sou plaj la nan kamera sekirite se te a 4è 15 nan maten nan dat ki te 6 mas pase a», se sa jounal la rapòte pa rapò ak deklarasyon ministè piblik dominiken an.
Se aprè disparisyon Sudiksha Konanki, anbasad amerikèn te vin pran kontak ak ministè piblik dominiken an. Yo presize se te nan vandredi 7 mas la. Jiskounye a yo fè konprann lapolis te tande zanmi ki te vwayaje ak li yo, e pa gen youn nan yo ki akize kòm moun ki ta fè krim nan, toujou daprè pawòl otorite yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025