Yè jedi 15 Septanm 2022 an, yon kokennchenn dife pran nan yon depo machadiz Laboratwa 4C nan Dèlma 48, selon plizyè imaj ak videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo.
Pyès moun poko konnen kòman dife sa rive eklate nan depo sa nan anviwon 4è aprè midi. Malgre ponpye vini yo paka etenn li, kidonk yo oblije ale.
Yè jedi a make twazyèm jounen manifestasyon nan plizyè vil nan peyi a, kote bilan vrèman katastwofik. Anpil, espas kraze ak dechouke. Anpil lòt pran dife. Alòske otorite etatik yo poko janm pwononse yo sou divès dega k ap fèt nan peyi a.
N ap raple divès deblozay peyi a ap konnen se aprè adrès ak Lanasyon premye minis defakto Aryel Henry pou li anonse monte gaz la, kote konsèy minis lan ta pral aksepte pou Gazolin 570 goud, Dyezèl 670 goud epi Kewozenn 665 goud.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022