253 migran Ayisyen pa rive antre Etazini
akoz move tan ki lakoz bato a al echwe nan peyi Kiba. Otorite kiben yo te anonse yo rive nan zòn Ciego Ávila, Dimanch ki te 25 desanm pase a. Pou kounya, otorite yo anonse demach deja tanmen pou migran sa yo retounen nan peyi Dayiti.
“Kèk temwen ki te nan bato a rapòte se move tan an ki pèmèt yo ateri nan peyi Kiba”, daprè enfòmasyon jounal kiben Invasor bay. Yo fè konnen tou, pami 253 Ayisyen Sila yo, gen 31 timoun ak 61 fanm ki t ap vwayaje sou bato sa a.
Toujou nan menm kad dosye sa a, youn nan responsab kwa wouj kiben yo anonse gen demach ki deja tanmen bò kote otorite yo pou asire migran sa yo retounen nan peyi Dayiti, san yo pa bay okenn lòt presizyon.
“Kontak yo deja fèt ak pi gwo otorite kiben yo pou asire yo yon vwayaj òganize, ki konfyan epi ki volontè nan peyi yo sòti a”, daprè deklarasyon María González Padrón. Pou moman sa, migran Ayisyen sa yo abrite yo nan yon lekòl gras ak jefò gouvènè pwovens Ciego Ávila a, Tomás Alexis M. Venegas.
Nan yon lòt bò, alòske migran sa yo te dwe rive nan peyi Etazini, kou siprèm ameriken an pran desizyon ayè madi 27 desanm 2022 a, pou yo pwolonje Tit 42 a ki konsène migran etranje ki ta vle mande azil nan peyi Etazini.
Pou kounya a, yo prevwa remanyen dosye sa nan kou siprèm la an fevriye 2023, epi desizyon aplikasyon òdonans Tit 42 a ap toujou kenbe jouskaske jij yo jwenn yon antant sou dosye a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022