Jij Deborah L. Boardman deside sispann jodi mèkredi 5 fevriye 2025 lan, pou yon tan ki pa defini, dekrè prezidan Trump te pran pou retire dwa timoun ki fenk fèt yo vin ameriken. Dekrè sa prezidan ameriken an te siyen an te konsène timoun ki gen paran yo ki se imigran san papye men ki ap viv Etazini.
Selon Washington Post ak Forbes, desizyon sa jij federal ki travay Maryland lan pran an ka lakoz dekrè a pa janm sèvi vre. Nan sans sa, jounal yo soulinye enjonksyon jij la ap leve jiskaske lajistis regle dosye sa nèt.
«Gras ak jiripridans lakou siprèm nan dwa nesans lan pwoteje», se deklarasyon jij Déborah jounal Forbes rapòte nan sikonstans lan. Yo mansyone pi devan, avan jij la te pran desizyon bloke pwojè Trump lan li te rive tande 5 fanm ansent san papye. Daprè presizyon medya sa yo, imigran sa yo te depoze plent kont prezidan ameriken an paske yo estime dekrè sa vyole konstitisyon amerikèn nan.
N ap raple, 23 janvye pase a jij federal John Coughenour te premye jij ki te di non ak desiziyon Trump lan. Se pou sa li te tou bay posizyon li paske pou li menm, dekrè a pa gen anyen pou wè ak konstitisyon amerikèn nan, kidonk se yon lòd ki enkonstitisyonèl.
Credit Photo: .Imago-images
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025