Prezidan kolonbyen an Gustavo Petro ap gen pou l vizite 22 janvye k ap vini la vil Jakmèl. Yon vizit otorite yo nan ministè Touris ak Travo Piblik deja ap prepare nan divès travay yo gentan ap reyalize.
Vizit sa daprè otorite ayisyèn yo vize ranfòse relasyon ant Ayiti ak Kolonbi. Yo fè konprann li pral pèmèt 2 peyi yo devlope koperasyon nan batay kont krim ak pwoteksyon fwontyè yo. Pou prepare vini mesye Petro, ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon ( MTPTC) kòmanse travay sou yon pati enpòtan nan pis aterisaj Ayewopò Jakmèl la, sa responsab yo konsidere tankou bon jan motè ekonomik pou depatman Sidès la ak rejyon Sid la.
Nan menm sans sa, ekip ministè Touris la te travay mèkredi 15 janvye pase a sou pò touristik la ansanm ak plas Pétion ak Bolívar. Tout travay sa yo toujou antre nan kad renovasyon k ap fèt nan sant vil sa kote drapo kolonbyen an te koud nan dat 26 novanm 1861.
Yon kote, pou menm vizit sa, otorite yo resi pran dispozisyon pou pèmèt vil Jakmèl gen ti kouran. Puiske, daprè sa kèk abitan deklare vil sa ap viv nan fènwa depi plis pase 3 lane.
Yon lòt kote, otorite minisipal yo deside fèmen pòt lekòl yo depi lendi 20an pou rive jis mèkredi k ap 22 janvye 2025 lan, ki se jou Prezidan kolonbyen an, ap ateri nan vil la. Poutan, se yon dezisyon manm nan popilasyon an pa sispann kesyone depi lè yo te fè anons lan nan konferans pou laprès yo te bay.
Konsa tou, genyen Direksyon Depatmantal Sidès Polis Nasyonal Ayiti a nan yon nòt pou laprès li te pibliye 17 janvye pase a, te fè piblik la konnen yo entèdi tout pèmi pou pote zam nan vil la sòti samdi 18 janvye pou rive vandredi 24 janvye 2025. Nan ka kontrè a, otorite polisyè yo soulinye tout moun ki vyole lwa sa ap jwenn pinisyon yo tankou lalwa mansyone li a.
Pandan pasaj Gustavo Petro nan site Alcibiade Pommayrac la, l ap gen pou vizite kèk sit tankou «Barranquilla, mache fè Jakmel la, plas Simon Bolívar ak kay istorik kote Simon Bolívar te rete, pandan vizit li nan Jakmèl nan peryòd 19yèm syèk la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025