Nan yon entèvyou li bay Haiti Inter vandredi ki te 7 mas 2025 lan, delege pèmanan Ayiti nan UNESCO a, Lilas Desquiron anonse yo pral lanse yon pri literè k ap pote non Frankétienne. Pri sa ki vize onore ekriven ayisyen an se ap premye pri òganizasyon entènasyonal la ap kreye.
«Mwen ta vle anonse tout Ayisyen, tout pitit Frankétienne yo lè m t al depoze lèt kreyans mwen an mwen te mande direktris la pou UNESCO kreye yon pri Literati pou Frankétienne», se deklarasyon madanm Lilas Desquiron. Ki eksplike pi devan, se yon lide responsab la te byen resevwa.
Se nan sans sa a, li fè konnen tou responsab la te fè l konprann se ap premye pri literè Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) ap mete sou pye pandan tout egzistans yo.
«Mwen kontan anpil dèske se pri Frankétienne nan ki premye pri literè UNESCO. Se yon moun ki kite gwo vid nan mitan nou. Li te pote bon enèji ak bon jan imajinasyon, nou gen anpil bagay pou n aprann sou li toujou pandan plizyè lòt jenerasyon», toujou daprè pawòl ansyen minis lakilti a.
N ap raple, ekriven dramatij ayisyen an Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent moun plis konnen sou non Frankétienne te mouri lakay li jou ki te jedi 20 février 2025 lan. Mete sou kote tit sa yo, Frankétienne, ki te gen 89 lane, te atis pent, mizisyen, pwofesè epi te ekri divès liv tankou Dezafi, Anthologie secrète ak Mur à crever.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025