Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta

Mag Haiti by Mag Haiti
May 10, 2025
in Justice
0
ULCC mande lajistis mete anba kòd 13 ansyen ak aktyèl diplomat paske yo pa t fè deklarasyon patrimwàn

Nan 6 rapò yo pibliye sou divès ka koripsyon ki genyen nan kèk bwat leta, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) fè konnen ansyen direktè Ofis Asirans Aksidan Travay Maladi ak Matènite (OFATMA) a, Carl François te fè anpil magouy pou zanmi politik li te ka fè lajan nan leta a. Òganis la deklare depi lè li te pran fonksyon an li te angaje 2 antrepriz ki fè manje. Pami yo Oley Event and Food Services, ak Valcuisine, yo jwenn ki pou Valérie Nadia Victor ki se manm pati politik MTVAyiti menm jan ak li. Se nan menm kesyon zanmitay sa yo di li fè Direksyon jeneral Enpo (DGI) pèdi plis pase 2 milyon goud puiske li pa t deside retire taks sou antrepriz yo.

«Yo bay tout lajan ki te nan chèk Valcuisine ak Oley Event and Food Services san yo pa t retire 2% sou chak kontra yo ki te dwe al jwenn DGI», se sa komisyon ankèt la ekri. Yo soulinye tou sou 107 743 312.6 goud administrasyon Carl François a te dekese pou 2 antrepriz yo, DGI pèdi 2 153 192.72 goud.

Anplis privilèj sa li fè zanmi politik li jwenn nan, ULCC fè konprann mesye François pa t fè okenn demach jan lalwa di li a pou antrepriz sa yo te rive jwenn kontra yo. E li te fè anketè yo konnen antrepriz ki te la avan l lan te twò chè se rezon sa li te bay pou te defann lòt antrepriz yo. Tandiske, anketè yo di yo jwenn moun yo sa koute bwat la plis kòb toujou. Yon lòt kote, yo kritike dèske Valcuisine gen papye ki pa menm nan bazdone OFATMA. Malgre tout iregilarite yo, òganis la di sòti 2022 pou rive 12 fevriye 2025, bwat leta a te dekese kanmenm o total 107 743 312.6 goud pou 2 antrepriz yo. Valcuisine pou kont pa li te jwenn 102 872 412.00 goud.

Mete sou sa, ULCC bay lòt detay pou fè konprann antrepriz zanmi ansyen direktè a anrejistre nan ministè komès sèlman 6 jou aprè mesye François te pran tèt enstitisyon an nan dat ki te 6 mas 2022 a. ULCC mansyone yo jwenn kontra avan yo te gen kat imatrikilasyon e yo rive touche 16 jou aprè tout pwosesis anrejistreman yo te fin fèt.

Se tout magouy sa yo ki fè Inite Lit Kont Koripsyon mande sou plan administratif pou lakou dèkont mennen yon ankèt sou jesyon ansyen nimewo 1 OFATMA a, kanpe kontra 2 antrepriz yo, fè yo bay DGI lajan yo pa t bay la, epi pou yo rekanpe Komite Espesyalize Mache Piblik (CSMP) anndan enstans lan. Sou plan penal, yo mande pou lajistis mare Carl François dèske li fè abi fonksyon, pèmèt gen pasasyon ilegal mache piblik, pwofite sitiyasyon an, epi bay manti. Se pou sa tou Valmine Jean Jacques, ak tout manman l Valérie Nadia Victor dwe ale lajistis tou. Pou sa ki gade antrepriz yo, yo vle pou lajistis bloke kont yo genyen yo jiskaske yo peye DGI.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 321
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH

Next Post

Ismaël Acéus est le nouveau secrétaire à l’organisation au sein du syndicat de l’APN

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Ismaël Acéus est le nouveau secrétaire à  l’organisation au sein du syndicat de l’APN

Ismaël Acéus est le nouveau secrétaire à l'organisation au sein du syndicat de l'APN

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,053)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,812)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,878)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,694)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?