Nan yon avi yo pibliye jodi vandredi 14 mas 2025 lan, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) anonse l ap chache ansyen Pwotektè sitwayen an, Renan Hedouville. Daprè yo menm, avi sa se sòti se nan kad ankèt y ap mennen sou koripsyon ki ta genyen lè pwotektè a te nan tèt Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC).
«ULCC ap chache ansyen Pwotektè sitwayen an, Renan Hedouville nan kad ankèt l ap mennen sou zak ki fèt nan pasasyon ilegal mache piblik la, abi fonksyon, detounman byen piblik ak antrav pou bon fonksyonman lajistis», se sa nou li nan avi rechèch sa ki pote non ” No ULCC/SEI/03-25-001/ “, ki ta fè kwè tou Me Hedouville ta nan mawon pou lajistis.
Pou jistifye nòt sa, responsab yo anndan ògàn sa k ap lite kont koripsyon an site atik 11 alineya 2 nan dekrè 8 septanm 2004 la ki te kreye enstitisyon an. Atik sa bay direktè jeneral ULCC a, Hans Jacques L.Joseph tout pouvwa pou mennen ankèt sou tout ka koripsyon ki ta genyen e menm ba yo dwa pou sèvi ak fòs piblik la lè ka sa prezante li.
Se nan sans sa, ULCC mande tout moun ki ka bay enfòmasyon sou mesye Hedouville pou yo kontakte lapolis oubyen rele nan nimewo sa yo : +5092811 0532/ +5092817 0823/ +5092816 7071/ +5092811 0661
N ap soulinye, aprè manda 7 lane li a li te refize kite pòs la pou jij Wilner Morin ki se nouvo Pwotektè sitwayen an. Se sa ki fè, nan dat ki te 15 novanm 2024 la, li te menm deklare li pap fè yon pa paske te li estime pouvwa egzekitif la paka antre nan OPC pou fè chanjman jan l vle.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025