Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société Dernière Heure

ULCC mande pou lajistis mare 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon BNC a

Mag Haiti by Mag Haiti
October 2, 2024
in Dernière Heure
0
ULCC mande pou lajistis mare 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon BNC a

Nan yon rapò yo rann piblik jodi mèkredi 2 oktòb 2024 la, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mande pou lajistis arete konseye prezidansyèl Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gérald Gilles. Daprè dokiman an twa manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon sa yo te itilize pouvwa yo pou te fè koripsyon nan pran lajan nan men Raoul Pascal Pierre Louis pou te fè l tounen nan tèt Bank Nasyonal Kredi (BNC) a ankò.

«Paske yo te eksjije epi aksepte yon avantaj pandan yo nan pòs la Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gérald Gilles abize fonksyon yo e te mande pou resevwa lajan anba tab epi koripsyon pasiv», se tout akizasyon sa yo ki sou do 3 konseye yo. Se sa ki fè, anketè yo soulinye tout zak sa yo lalwa 12 mas 2014 la pini yo nan atik 5.5, 5.6, ak atik 11 lan ki pale sou prevansyon, represyon ak koripsyon.

Nan kad 100 milyon goud Raoul Pierre Louis te di konseye sa yo te mande li a, ULCC di li jwenn efektivman te gen plizyè reyinyon ki te fèt pou 2 pati yo te jwenn antant ant yo menm. Yo soulinye, antant moun yo te rive fè yo dakò pou lajan an te al jwenn chak manm Konsèy nou site la yo sou kat kredi BNC yo. An echanj, prezidan Konsèy Administrasyon Bank lan li menm t ap ka tounen nan pòs prezidan li, puiske manda li te prèske fini nan moman negosiyasyon yo.

Nan yon bò, yo jwenn se mesye Pierre Louis menm ki te bay tout enstriksyon pou kat kredi konseye yo te fèt nan Bank lan. Yo fè konnen, nan dat 15 me pase a kat kredi Smith Augustin ak Lonick Léandre, ki se konsil Ayiti nan vil Santyago te gentan enprime. Tandiske pa Emmanuel Vertilaire la ak Louis Gérald Gilles te fèt 27 me 2024, aprè gwo reyinyon ankachèt moun sa yo te fè nan otèl Wazis 24 me 2024 sou menm dosye sa a.

Yon lòt bò, yo fè konprann Kat kredi 3 konseye prezidansyèl yo te gen yon limit 1 800 000. 000 goud ki egal ak 20 mil dola ameriken. Alòske Lonick Léandre li menm te gen 1 125 000. 000 goud ki bay 12 500 dola vèt. Poutan, nan tranzaksyon ki fèt yo ULCC di li jwenn sòti 27 pou rive 11 jiyè Smith Augustin achete 15 bagay li ki bay ototal 872 220.40 santim san remèt BNC yon goud. Konsil Lonick Léandre li li menm te depanse 546 921.60 goud san bay BNC lajan tou.

Ansyen jij Emmanuel Vertilaire te depanse 1 078 225.61, doktè Louis Gérald Gilles te achète li menm pou 1 027 336.82 goud. Sèl diferans lan daprè ULCC se paske 2 moun sa yo yo menm yo te kòmanse peye Bank Nasyonal Kredi.

Se pou tout sa yo, ki fè Inite Lit Kont Koripsyon sou plan penal mande pou lajistis mare ni konseye yo ak tout konsil Ayiti nan vil Santyago a. Anplis sa sou plan administratif yo mande elaborasyon adopsyon epi piblikasyon yon kòd etik sou ajan administrasyon yo, epi pou pi wo nan leta yo ede nan pale sou gid pratik ULCC ekri pou ajan piblik yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 633
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis touye 4 bandi epi arete 30 lòt nan ankèt y ap mennen sou lanmò direktè ONM Okap la

Next Post

“Des rêves en bateaux papiers” un autre succès remarquable du réalisateur haïtien Samuel Suffren

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
“Des rêves en bateaux papiers” un autre succès remarquable du réalisateur haïtien Samuel Suffren

"Des rêves en bateaux papiers" un autre succès remarquable du réalisateur haïtien Samuel Suffren

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,845)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,003)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,177)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,920)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?