Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

ULCC mande pou lajistis ayisyèn mare ansyen Minis Aviol Fleurant pou magouyè

Mag Haiti by Mag Haiti
September 3, 2024
in Justice
0
ULCC mande pou lajistis ayisyèn mare ansyen Minis Aviol Fleurant pou magouyè

Nan yon rapò yo rann piblik jodi madi 3 septanm 2024 la, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mande pou lajistis ayisyèn mete aksyon an mouvman kont ansyen Minis Aviol Fleurant. Daprè anketè yo, ansyen fonksyonè leta a te fin rich nan bwàt leta a pandan l te pran plezi l nan fè fo deklarasyon patrimwàn.

«Komisyon ankèt la rekòmande pou aksyon an mouvman mete kont Aviol Fleurant pou fo deklarasyon patrimwàn ak richès ilegal li vin genyen. Yon bann zak ki gen pinisyon yo menm jan atik 17 lwa 12 fevriye 2008 la di l» daprè sa nou li nan rapò sa a.

Pou jistifye desizyon yo a ULCC fè konnen nan yon premye tan, ansyen chèf Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE) an te bay manti sou kantite kont bankè li menm ak madanm li te genyen. Pandan akize a te deklare li te gen sèlman 5 kont, poutan anketè yo jwenn li te gen antou 16 kont bankè ki sou non l ak sou non madanm li, Ludmia Toussaint. Yo presize gen 7 kont ki an goud, epi 9 lòt yo an dola ameriken.

Nan yon lòt bò, espesyalis yo di 2 moun sa yo t ap bwase bon jan lajan keseswa nan leta a oubyen nan kabinè avoka yo. Se pou sa, anketè yo estime gen twò gwo diferans ant lajan mesyedam Fleurant yo fè pandan peryòd mas 2016 rive desanm 2018 ak divès depo yo jwenn ki fèt sou 16 kont bankè yo. Daprè chif yo bay yo, yo jwenn 2 moun yo te touche 29 695 456.53 goud, tandiske yo jwenn yo gen 100 204 240.82 goud labank.

Fòk nou soulinye, ajan k ap goumen kont koripsyon yo di nan divès odisyon yo te gen ak mesye Aviol Fleurant li pa t ka bay eksplikasyon sou plizyè lajan li te mete sou kont li. Pa egzanp yo soulinye ansyen fonksyonè leta a pa t ka jistifye depo 75 207,339.29 goud yo jwenn ki te fèt sou plizyè kont li. Tout eksplikasyon li yo te toujou chita sou pretèks kabinè avoka l te boule an 2017, selon sa ki ekri nan dosye sa. Pandantan sa a, rapò a li menm di pwosè vèbal ki te fèt la te pito mansyone se te yon tantativ mete dife li te ye.

Pou kontinye, espesyalis yo fè kwè li pa t ka bay kote l te jwenn lajan pou l te peye 2 tè li te achete youn aprè lòt pou 42 mil dola ak 35 mil dola vèt nan zòn Pegivil, nan lane 2016. Toujou nan dosye byen yo, ansyen chèf la pa t ka bay pyès eksplikasyon tou sou kibò li te jwenn 75 mil dola ameriken li te achete 2 kay nan Debisi, nan lane 2017.

Mete sou sa, yo fè kwè konsène a te deside kache kantite machin li te vin posede, chèn lò ak dyaman. Puiske ULCC li menm nan bò pa li di li jwenn gen 2 machin Fleurant pa t janm fè deklarasyon pou yo.

Pou sa ki konsène madanm li menm, anplis kont bankè l yo ki pa t deklare, ULCC di ansyen minis la pa t fè deklarasyon patrimwàn pou travay konsiltan Fon Asistans Ekonomik ak Sosyàl (FAES) madanm li te jwenn sòti avril pou rive septanm 2016.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 548
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis arete yon endividi ki te fè tèt li pase pou yon polisye

Next Post

Pandan 2 lane 5 kesyè mete ansanm epi vòlè 22 milyon goud nan EDH daprè ULCC

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Pandan 2 lane 5 kesyè mete ansanm epi vòlè 22 milyon goud nan EDH daprè ULCC

Pandan 2 lane 5 kesyè mete ansanm epi vòlè 22 milyon goud nan EDH daprè ULCC

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,724)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,980)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,139)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,900)

Nouveaux Articles

  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan
  • Sanction du Barreau : Me Caleb Jean-Baptiste dénonce une mesure illégale et arbitraire
  • Corruption au MJSAC : un rapport d’ECC épingle la ministre Niola Sarah Devalis Octavius

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?