Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

ULCC mande pou ansyen chèf CRLDI Petyonvil la jwenn arestasyon l pou koripsyon nan leta a

Mag Haiti by Mag Haiti
September 5, 2024
in Justice
0
ULCC mande pou ansyen chèf CRLDI Petyonvil la jwenn arestasyon l pou koripsyon nan leta a

Nan rapò 48 paj li sòti sou sa k ap pase nan divès enstitisyon nan leta a, ULCC kwè li nesesè pou lajistis ta arete Marriantha Méroné pou koripsyon nan Sant Resepsyon ak Livrezon Dokiman Idantite (CRLDI). Daprè ankèt ki mennen an, malgre madanm Meroné te transfere Petyonvil yo di li te toujou konn ap resevwa lajan nan sèvis Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) nan Ayewopò Tousen Louvèti a.

Nan odisyon avèk ajan ULCC yo, akize a te fè konnen chèk travay li nan CRLDI vini l 43 363.70 goud anplis 80 mil goud kòm responsab, 15 mil goud sou kat debi epi 10 mil goud pou gaz chak mwen. Men, nan chache diplis anketè yo montre yo jwenn madanm Méroné te toujou konn ap touche ant 180 ak 200 mil goud chak mwa nan ayewopò a, alòske li pap travay nan depatman sa ankò.

Nan sans sa, ULCC di li jwenn se Jean Osselin Lambert, ansyen responsab Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) ki konplis madanm nan. Ki te konn pèmèt li te kontinye ap touche nan DIE kote l t ap travay avan l te jwenn transfè pou CRLDI.

Yon lòt kote, komisyon ankèt la di yo te konstate tou te gen gwo lajan tankou 33 865 569.66 goud ki te depoze sou 3 kont bankè responsab CRLDI Petyonvil la genyen. Poutan, ULCC soulinye pa gen youn nan depo sa yo Marriantha Méroné te ka bay eksplikasyon sou kote tout lajan sa yo te sòti. Sa ki te pouse l bay ajan yo manti pou te kapab kache verite sou lajan yo.

Nan sans sa sou plan administratif, Inite Lit Kont Koripsyon mande pou leta revoke Marriantha Méroné. Yo mande pou gen verifikasyon nan CRLDI, ak sou kont Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal ki nan Bank Nasyonal Kredi a (BNC). Puiske, selon yo menm se kont sa ki sèvi pou peye lè anplis ak tout anplwaye DIE nan ayewopò a. Epi yo mande tou pou DIE koupe sitirans peye gwo lajan ki pa jistifye ak anplwaye yo.

Sou plan penal, ULCC mande pou lajistis arete responsab Sant Resepsyon ak Livrezon Dokiman Idantite Petyonvil la, ak tout konplis li a ki se Jean Osselin Lambert. Pou fini, yo rekòmande pou lajistis bloke tout kont ak finansman Marriantha Méroné genyen.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 594
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Daprè Miami Herald Etazini ta vle chanje misyon etranje a kòm yon operasyon pou lapè

Next Post

ULCC mande pou lajistis arete Germain Paulémon ak Max Alex Joseph pou vòlè gaz

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
ULCC mande pou lajistis arete Germain Paulémon ak Max Alex Joseph pou vòlè gaz

ULCC mande pou lajistis arete Germain Paulémon ak Max Alex Joseph pou vòlè gaz

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,332)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?