Nan rapò li rann piblik ayè mèkredi 2 oktob 2024 la, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mande ak otorite jidisyè yo pou mete aksyon piblik kont Lonick Leandre, ki se konsil Ayiti nan vil Santyago nan Repiblik Dominikèn.
Rapò sa ki pibliye aprè rezilta ankèt ki fèt sou eskandal koripsyon 3 konseye prezidansyèl yo revele konsil Lonick Leandre te patisipe nan rankont ki te fèt ak direktè Konsèy administrasyon Bank Nasyonal Kredi (BNC) a, Raoul Pierre Louis. Rankont sa daprè detay rapò a bay, te fèt nan chanm 408 nan otèl Wazis nan dat 25 me 2024 la.
Chita pale konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles, Smith Augstin ak Emmanuel Vertilaire te fè ak direktè Konsèy administrasyon BNC a, Raoul Pascal Pierre Louis te fèt nan lide pou te negosye pou l tounen nan tèt bank lan pandan l t ap peye pou sa. Selon enfòmasyon anketè ULCC yo jwenn nan men administrasyon otèl la, rezèvasyon pou reyinyon ankachèt sa te fèt sou non konsil Lonick Leandre.
Anplis, komisyon ankèt ULCC a fè konnen li te mande e li te rive jwenn rejis Tribinal lapè Petyonvil la. Kote ki gen tout enfòmasyon ki gen rapò ak kat kredi mesye Pierre Louis te bay 3 manm Konsèy Prezidansyèl la ak tout Konsil la.
N ap soulinye, nan premye reyinyon an li te genyen ladan l konseye prezidansyèl Louis Gerald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Smith Augustin ak direktè Konsèy admnistrasyon BNC a, Raoul Pierre Louis. Alòske nan dezyèm reyinyon ankachèt ki te fèt lakay direktè Konsèy administrasyon Bank lan, anketè yo di se sèlman konseye prezidansyèl Gerald Gilles ak Smith Augustin ki te la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024