Nan yon rapò yo pibliye ayè jedi 8 me 2025 lan, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mande pou lajistis mare ansyen pwotektè sitwayen an, Renan Hédouville ak 6 lòt moun ki te konn travay bò kote l pandan l te nan tèt Ofis Pwoteksyon Sitwayen an(OPC). Selon dokiman an, moun sa yo te mete ansanm pou detounen 9 153 600.00 goud nan trezò piblik la pou nenpòt 10 fo vwayaj yo te di yo fè sòti ane 2022 rive ane 2024 la.
«Pandan peryòd fiskal 2022-2023 ak 2023-2024 sou 17 vwayaj yo te pwograme gen 10 ladan yo ki pa t janm fèt vre. Pou 10 vwayaj sa yo, gen anviwon 16 591 900.00 goud ki te dekese». Daprè sa ki ekri nan 9 paj ki konsakre ak dosye sa a. Enketè yo kontinye pou presize nan lajan sa a gen 7 438 380.00 goud ki te pou biyè avyon, men rès la ki plis pase 9 milyon goud se te pèdiyèm manm delegasyon an te rive benefisye.
Daprè ULCC men moun yo ak tout kantite lajan yo fè nan 10 fo vwayaj ki te planifye yo : Ansyen pwotektè a, Renan Hédouville te jwenn plis pase 2 milyon goud, madanm ak mouche Louis (Régine H. ak Tex Wiler Celafoi) ki se youn aprè lòt ansyen direktris kabinè pwotektè a epi kòdonatè inite teknolojik enfòmasyon ak kominikasyon OPC, te sòti yo chak la ak plis pase 1 milyon goud, Juliana Thomas, ansyen administratris ak konseye finansye OPC, ak Jean Jolin Dodier te jwenn plis pase 1 milyon tou. Tandiske, Mimose Moyard te sòti ak 721 980.00 goud epi Hugues Narcisse ki se kontab an chèf OPC a li menm te jwenn 567 450.00 goud.
Nan tout lajan sa yo ki detounen an, Inite Lit Kont Koripsyon di li rive jwenn kote kèk milyon ale tout bon vre. Nan yon premye tan, yo di yo jwenn gen 5 chèk ki egal ak 1 382 805.00 goud ki te mete sou non ansyen pwotektè a nan Capital Bank sou nimewo 464927. Daprè òganis la, tout se te chèk pèdiyèm ki te bay pou divès vwayaj entènasyonal ki pa t fèt ant 24 janvye ak 29 novanm 2024 la.
Nan yon dezyèm tan, gen madanm Régine Hédouville Louis ak mari l Tex Wiler Celafoi Louis yo montre ki gen plizyè chèk ki t al sou non yo nan UNIBANK. Yo mansyone nan dat ki 28 septanm 2023 a gen 2 chèk fo vwayaj ki egal ak 1 218 000.00 ki te depoze sou kont yo. Vwayaj sa yo te dwe fèt sòti 18 pou te rive 27 oktòb 2023. Anplis sa, ULCC di li jwenn ant janvye 2023 ak oktòb 2024, 2 moun sa yo gen yon total 3 038 580.00 goud ki t al jwenn yo nan Capital Bank ak UNIBANK.
Yo soulinye tou mesye Louis pou kont pa li te gen 3 chèk ki sòti Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki te depoze sou yon kont li genyen nan Sogebank. Se te yon total 620 280.00 goud pèdiyèm ki gen rapò ak 3 nan 6 vwayaj li pa t fè yo.
Anplis sa yo akize l deja, rapò a montre ansyen pwotektè Hédouville te fè plizyè lòt move aksyon. Pami yo, gen nan vwayaj li yo li konn di ki pou bwat la alòske se zafè pa l li konn al jere, genyen ladan yo se envitasyon kèk legliz delegasyon an ale e ki pa gen anyen pou wè ak OPC. Mete sou sa, yo di li te kontribye nan fè Ajans vwayaj Sans Souci fè lajan sou do leta san respekte lwa ki tabli pou sa yo. Pi lwen, yo fè konnen, se ajans sa ki konn jere biyè avyon pou yo e sa konn fèt sou baz zanmitay ant li menm ak Marie France Petoia ki se direktris administratif ajans la. Epi tou, yo lonje dwèt sou li kòm moun ki te vle antrave ankèt ULCC a paske li pa janm vle parèt pou reponn kesyon e te toujou jwenn alibi pou sa pa t janm fèt.
Fas ak sitiyasyon sa a, ULCC mande sou plan administratif pou lakou dèkont fè yon ankèt sou jesyon konplè mesye Hédouville pandan tout peryòd fiskal 2019 ak 2024 yo. Sou pwen penal, yo mande pou lajistis aji kont li pou detounman byen piblik, ak antrav pou bon fonksyonman lajistis. Yo mande tou pou lajistis mare lòt 6 moun yo, puiske yo defann selon atik 5.4 ak 5.5 lwa 12 mas 2014 la yo te patisipe nan detounen byen piblik la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025