Nan kad dosye trafik zam ki te fèt nan bato «Miss Lili One» nan, kou dapèl tande jodi mèkredi 31 jiyè 2024 la, mèt Robinson Pierre-Louis ak mèt Michelet Virgile, ki se ansyen komisè gouvènman Pòdepè a.
2 akize sa yo ki enplike nan dosye trafik zam nan mwa jiyè 2022 a, nan vil Pòdepè
te devan kou dapèl jounen mèkredi a. Nan yon bò nou jwenn Robinson Pierre-Louis ki genyen akizasyon magouy, kòripsyon, trafik enfliyans ak konplo kriminèl sou do l, yon lòt kote nou jwenn Michelet Virgile, ki se ansyen komisè vil la, ki li menm t al chache libere 2 akize nan menm dosye a.
Selon desizyon lajistis pran òdonans 2 sitwayen yo, ap kontinye nan yon semèn ankò. Sa ap fèt konsa, aprè jij Walther Wesser Voltaire deside li menm voye yo jije devan tribinal.
N ap raple, nan dat ki te premye jiyè 2022 a, ajan ladwàn yo te dekouvri zam, bal, chajè, fizi ak 120 000 dola ameriken sou bato a. Daprè sa responsab yo te fè konnen, se Etazini materyèl sa yo te sòti.
Mèt Robinson Pierre-Louis te jwenn arestasyon l jou ki te madi 12 jiyè 2022 a. Alòske ansyen komisè Pòdepè a, mèt Michelet Virgile te jwenn arestasyon l nan dat 22 jiyè a nan menm ane a.
Nan sans sa, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) te fè konnen ansyen fonksyonè leta a, Michelet Virgile ta resevwa 200 000 ameriken pou te libere 2 moun yo te arete yo. Yo eksplike lajan sa te vin jwenn avoka a se pou te ka blanchi moun yo puiske yo te enplike nan trafik zam ak katouch yo. Se liberasyon 2 sitwayen sa yo tou ki te vin lakòz avoka a ta pral jwenn revokasyon l jou ki te vandredi 8 jiyè 2022 a.
sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024