Anviwon 2 mwa aprè tout aktivite te kanpe nan Direksyon Jeneral Enpo (DGI), Ministè Ekonomi ak Finans anonse tout bagay ap rekòmanse fonksyone depi demen lendi 25 novanm 2024 la. Selon yon kominike otorite yo pibliye, desizyon sa pran aprè reyinyon yo te genyen vandredi pase a ak reprezantan grevis yo.
«Ministè Ekonomi ak Finans gen lonè pou fè tout popilasyon an ak kontribyab yo konnen aktivite yo ap reprann nan Direksyon Jeneral Enpo (DGI)», daprè sa ki di nan kominike sa.
Ogmantasyon ak estandatizasyon sou Kat debi ak prim randman yo bay pèsonèl DGI yo, yon pwogram fòmasyon pou moun k ap travay yo, mete moun nan Ajans Lokal Enpo (ALI), prim separasyon pou anplwaye ki pral pran retrèt yo, se divès dispozisyon ki te rive pran nan rankont sa a selon sa nou li nan yon kont randi reprezantan grevis yo te bay aprè reyinyon ak Minis ekonomi ak finans lan, Alfred Metellus.
Fòk nou di, toujou daprè otorite yo, desizyon pou leve grèv la pran paske reprezantan grevis yo deside fè yon kanpe pou jous 31 desanm ane sa. Mete sou plizyè mezi sa yo, komite anplwaye grevis yo mande tou pou gen yon nouvo direktè nan tèt DGI, yon fason pou grèv la pa tounen menm jan an nan bwàt leta a.
«Yo mande nan yon tan ki pa depase 2 semèn pou gen nominasyon yon nouvo direktè jeneral nan DGI», daprè sa yo ekri.
N ap raple, anplwaye yo te kòmanse grèv sa depi 23 septanm 2024 la. Revandikasyon yo se te pi bon kondisyon lavi, revokasyon aktyèl direktè a, epi kèk avantaj sosyàl.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024