Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Timoun yo reprezante mwatye nan gwoup gang yo, daprè UNICEF

Mag Haiti by Mag Haiti
November 26, 2024
in Société
0
Timoun yo reprezante mwatye nan gwoup gang yo, daprè UNICEF

Nan yon kominike yo pibliye ayè lendi 25 novanm 2024 la, Fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF) fè konnen kounye a la timoun yo reprezante mwatye nan gwoup gang yo an Ayiti. Selon yo menm, nan sèlman yon lane chif timoun gang yo mache pran yo monte ak 70 %.

«Yo pran nan pyèj, timoun an Ayiti ki antre nan gwoup gang yo vin pi plis, alòske se menm gang sa yo ki responsab sitiyasyon dezespere yo ye a», daprè deklarasyon direktris jeneral UNICEF la, Catherine Russell.

Selon òganis entènasyonal la, ogmantasyon sa yo rive konstate l nan 2yèm trimès ane 2023 ak 2024 la. Se pou sa, pi devan yo soulinye : «Nan moman sa menm timoun yo rive menm reprezante mwatye nan manm gwoup ak zam yo».

Nan eksplikasyon li bay yo, UNICEF fè konprann timoun ki vin gang yo se gen plizyè rezon ki lakoz. Afwontman yo ki kontinye e ki fè lamizè vin pi rèd nan peyi a, pa gen edikasyon, sèvis sosyo yo prèske pa egziste. Epi, gen nan yo ki jis ap chache pwoteksyon oubyen ap chache pou okipe fanmi yo, se pami rezon yo bay yo.

Yon lòt kote, òganis k ap defann dwa timoun yo montre nan Pòtoprens timoun yo ap mal viv. Se pou sa, yo soulinye 1.2 milyon timoun ap viv anba vyolans gang yo pandan 365 000 lòt twouve yo nan kan deplase. Pou sa ki gade vyolans ak agresyon seksyèl menm, yo di chif timoun ki ap sibi yo ane sa sèlman miltipliye pa 10.

Fas ak sitiyasyon sa, UNICEF mande fòs lòd yo ak tout gouvènman an pou garanti sekirite ak pwoteksyon pou timoun yo, pran mezi pou ti rès ki rete yo ak sa ki nan gang yo pa ansasinen oubyen blese. Anplis sa, li mande tou pou otorite yo al libere sa k nan gang yo pandan y ap remèt yo bay espesyalis pwoteksyon pou kapab foure yo ankò nan sosyete a pandan y ap jui tout dwa yo kòm timoun.

CP: Defap

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 369
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Divès estrikti k ap defann dwa fanm mande leta frennen zak vyolans k ap fèt sou medam ayisyèn yo

Next Post

Lajistis nan vil Ench kondane yon ansyen enspektè DGI pou 4 lane prizon

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lajistis nan vil Ench kondane yon ansyen enspektè DGI pou 4 lane prizon

Lajistis nan vil Ench kondane yon ansyen enspektè DGI pou 4 lane prizon

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,843)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,768)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,814)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?