Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

SPNH denonse konplo k ap fèt pou destabilize lapolis la

Mag Haiti by Mag Haiti
February 1, 2025
in Société
0
SPNH denonse konplo k ap fèt pou destabilize lapolis la

Sendika Polisye Nasyonal Ayisyen yo (SPNH-17) nan yon nòt pou laprès denonse yon konplo li di k ap fèt pou destabilize Polis Nasyonal Ayiti a (PNH).

Nan kominike sa li pibliye ayè vandredi 31 janvye 2025 lan, sendika lapolis la pa sèlman denonse konplo k ap fèt pou febli enstitisyon polisyè a, men tou li denonse mannèv k ap fèt pou livre bay gang yo rès kapital la. Anplis, SPNH-17 di li remake ak kè sere jan zak ki sot fèt nan Kenskòf la se yon tantativ pou kraze estrikti sekirite Lwès 1 ak Lwès 2 a epi louvri chemen pou bandi pran kontwòl Dèlma ak Petyonvil.

Yon lòt kote, sendika a presize tout sa ki gen pou wè ak sekirite peyi a se responsablite Konsèy Siperyè Lapolis Nasyonal la (CSPN). Li gen ladan l Premye minis lan kòm prezidan, minis jistis lan ki se vis prezidan, minis enteryè a ki li menm se 2yèm vis prezidan epi direktè jeneral lapolis la ak Enspeksyon Jeneral anchèf yo ki youn aprè lòt se sekretè jeneral ak sekretè egzekitif adjwen.

Toutfwa, sendika lapolis la fè konnen masak ki pase nan Kenskòf la te ka evite si polisye yo te gen bon materyèl. Pami yo elikoptè, machin ki reponn ak teren difisil sa epi pou ranfòse ransèyman ak entèlijans operatif yo.

SPNH-17 pwofite nòt sa pou l mande CSPN nan ak tout otorite ki responsab sekirite peyi a pou yo mete tout dispozisyon nesesè pou konplo kont PNH la pa abouti.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 367
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis di li repouse bandi yo nan Kenskòf

Next Post

Lapolis arete 2 manm gang 400 Mawozo

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis arete 2 manm gang 400 Mawozo

Lapolis arete 2 manm gang 400 Mawozo

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,763)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,149)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?