Jan sa te anonse a, jodi lendi 24 fevriye 2025 lan Sendika Polis Nasyonal Ayiti a(SPNH-17) manifeste devan laprimati kont ensekirite a. Nan mouvman pwotestasyon sa a plizyè polisye te genyen pankat nan men ak mayo ki make “Aba ensekirite Pwograme”.
«Nou bezwen mwayen pou n bay pèp la sekirite. Sèl bagay yon Ayisyen bezwen jodi a se sekirite», se pawòl sa yo youn nan polisye yo te deklare nan mikwo laprès devan laprimati.
Pawòl yo t ap di pa t diferan ak sa ki te ekri nan pankat oubyen mayo ki te sou yo. «Chaloup, bon blennde, bon zam dwon, elikoptè se materyèl lame ak lapolis bezwen pou konbat ensekirite a», «SPNH-17 ap mande CPT a ak gouvènman an itilize lajan kanaval la pou achete elikoptè ak dwon pou lapolis ka pi efikas», se pami sa ki te ekri nan men kèk polisye ki te mete pye yo atè devan Vila Akèy la.
Polisye sa yo ki byen idantifye tèt yo pandan mouvman sa a denonse kominote entènasyonal la, paske selon yo menm si yo te bezwen ede Ayiti tout bon vre se lapolis yo t ap finanse. Se pou tèt, sa yo deklare : «Se polis pa nou an avèk lame pa nou an ki dwe gen mwayen pou yo kapab ba nou sekirite».
Polisye SPNH-17 yo pwofite avèti tout moun pou fè yo konnen si yo pa kanpe pou mande leta mwayen pou fòs lòd legal yo, pita ka pi tris pou pèp ayisyen an. E yo anonse pi devan se pitit tout pèp la bandi ap mache rale pou voye nan dife avan yo tire nou tout, menm jan sa te pase avèk ti bebe Eliana Télémaque la, nan Kenskòf.
Fòk nou di, pou te fè fas kare ansanm ak manifestan sa yo, te genyen gwo dispozitif sekirite ki te pran devan Vila Akèy la.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025