Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) nan yon nòt li pibliye ayè vandredi 7 mas 2025 lan, mande otorite yo pou atake bandi yo nan baz yo. Li mande yo tou pou debloke wout nasyonal yo epi reprann kontwòl teritwa ki pèdi yo.
Nan nòt sa sendika lapolis la di jan diskou nouvo prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Fritz Alphonse Jean kenbe atansyon yo. Yo soulinye se akoz li deklare gang yo lagè pou l ka retabli lòd ak sekirite nan peyi a. Poutèt sa, SPNH-17 di li salye pozisyon sa a, puiske l montre batay kont bandi yo se yon priyorite pou prezidan tou nèf Konsèy la.
Men tou, sendika a wè l se yon nesesite pou mete aksan sou kèk bagay li estime ki enpòtan pou ajan fòs lòd ki sou teren yo. Nan san sa, li di l kwè pou yo gen viktwa nan batay sa dwe gen bon jan aksyon ki fèt.
«Bay polisye yo bon jan ekipman ak resous teknolojik pou yo ka mennen konba a san dezavantaj e san mòde lage», se sa SPNH-17 defann pandan l swete kondisyon travay polisye yo amelyore. Li fè konnen ajan polis yo pa ka goumen san motivasyon ni san bonjan mwayen.
SPNH montre preyokipasyon l tou pou byennèt fanmi polisye yo.
«Asire sekirite fanmi polisye yo, paske lè yon ajan ap riske lavi l, li dwe konnen fanmi l pap rete abandone si li ta rive viktim», se sa nou li nan menm nòt sa.
Yon lòt kote sendika a, fè konprann otorite yo dwe travay nan tèt kole ak kominote entènasyonal la yon fason pou yo ka jwenn sipò estratejik ak materyèl ki nesesè. Pami yo nou jwenn bon dwon ak elikoptè konba pou retire bandi yo nan baz yo.
An menm tan, SPNH di l ap rete vijilan epi kontinye mete presyon pou ansanm bèl pawòl sa yo ka tounen aksyon reyèl.
«Lapolis bezwen pi bon kondisyon pou li ka mennen batay sa a san pèdi tan», toujou daprè deklarasyon yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025