Nan yon piblikasyon li fè jodi jedi 20 mas 2025 lan sou kont X li, Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) denonse tout fòm vyolans ki fèt sou manifestan Kanapevè yo. Li di li rete kwè moun sa yo ki t ap manifeste ayè mèkredi a se viktim ensekirite ki gen anndan peyi a.
Atravè piblikasyon sa, Sendika lapolis la reyaji sou fason polisye yo te bonbade manm popilasyon an. Se yon reyaskyon ki fèt yon jou aprè moun sa yo te pran lari al reklame pi bon kondisyon bò otorite yo.
«SPNH-17, Sendika lapolis la, denonse tout fòm britalite kont manifestan viktim ensekirite ki gen nan peyi a», Daprè sa li deklare. Pandan li mande Direktè jeneral lapolis la, Normil Rameau, DCPA ak DDO1 pou pran mezi nesesè pou akonpanye pèp la nan revandikasyon li yo.
Sendika a pwofite mande responsab yo nan lapolis la pou bay fòs lòd yo mwayen pou travay : «Bay lapolis ak lame mwayen pou sekirite blayi», se rekòmandasyon sa sendika polis yo fè otorite enstitisyon sa a. E soulinye, li pap tolere okenn fòm manipilasyon sou polisye yo ki yo menm tou se premye viktim ensekirite a .
«N ap kontinye defann inite ant lapolis, lame ak popilasyon an kòm sèl solisyon pou nou kraze ensekirite pwograme a», se sa li mansyone. Epi estime dirijan ki paka asire sekirite pèp la dwe retire kò yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024