Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

SPNH-17 bay otorite yo jiska 12 mas pou montre peyi a sou wout sekirite

Mag Haiti by Mag Haiti
February 17, 2025
in Société
0
SPNH-17 bay otorite yo jiska 12 mas pou montre peyi a sou wout sekirite

Sendika Polis Nasyonal Ayisyen yo (SPNH-17) atravè yon nòt li rann piblik ayè dimanch 16 fevriye 2025 lan, di li konstate Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) poko deside tout bon vre pou mete yon bout nan ensekirite a.

Nòt sa ki sòti menm jou bandi yo atake pou yon lòt fwa komin Kenskòf lan, konsidere gen yon sitiyasyon kritik nan peyi a e malgre sa otorite yo poko bay fòs lòd yo ak lame a mwayen nesesè pou reprann lanmè, espas anlè a, fwontyè ak teritwa ki pèdi yo.

Sendika lapolis la ki kontinye ap denonse fason dirijan yo pa fè anyen pou konbat fenomèn ensekirite a, di li bay otorite yo jiska 12 mas 2025 pou bay siy klè peyi a sou chimen sekirite. «Si pa gen bon jan aksyon ki poze, n ap konsidere yo lage popilasyon an ak polisye yo nan men kriminèl yo», se sa SPNH deklare.

Pou konbat zak vyolans sa yo, SPNH-17 mande manm yo nan KPT a ak gouvènman ayisyen an pou adopte yon seri mezi, tankou dekrete eta ijans sekiritè sou tout teritwa a epi sispann tout aktivite ki pa nesesè tankou kanaval ak lòt festivite yo. Yon lòt kote, li mande pou responsab yo konvoke tout polisye, sitou sila yo ki te travay ak ansyen fonksyonè epi ki laba, pou mete yo disponib nan 2 jou jiska nouvèl lòd.

Anplis, responsab yo nan sendika a swete otorite yo debloke fon pou operasyon sekirite yo. Li presize lajan sa dwe pou enfòmasyon, prim risk, ak manje pou polisye ki sou teren an. Li kwè tou, yo dwe mete inite swen ak anbilans nan chak zòn kote operasyon yo ap fèt pou ka ede polisye ak militè ki ta viktim pandan entèvansyon yo.

Aprè ansanm pwopozisyon sa yo SPNH la fè Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman an, li di li kwè li nesesè pou yo reoganize lapolis la. Daprè eksplikasyon l bay, sa ap fèt nan retire mayon ki pa efikas yo, tankou nan DCPA, DCPJ, komisarya ak kèk inite ki pa reponn ak bezwen sekirite yo. Menm kote a, li soulinye yo dwe mete responsab ki kapab pran bon desizyon epi akonpaye polisye ki sou teren yo.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 368
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Éditorial : En Haïti, nous marchons côte à côte avec les démons !

Next Post

2 bandi bwè dlo bouch yo nan operasyon lapolis mennen Dèlma

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
2 bandi bwè dlo bouch yo nan operasyon lapolis mennen Dèlma

2 bandi bwè dlo bouch yo nan operasyon lapolis mennen Dèlma

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,896)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,009)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,184)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,924)

Nouveaux Articles

  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik
  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?