Pandan lapolis te di li tabli baz li nan katye Solino, jounen samdi 26 oktòb 2024 la sitiyasyon an vin pi difisil. Abitan yo kontinye ap mande konkou otorite yo nan leta a.
Aprè plis pase yon semèn Solino ak Dèlma 24 anba vyolans bandi, manm nan popilasyon an toujou kontinye ap lanse SOS. Gang ak zam yo kontinye ap enpoze yo nan katye sa aprè yo te fin pran yon pati ladan l nan jou ki pase yo.
Sitiyasyon an pa diferan pou moun Lili, Wilyamsonn ak Akayè kote anpil nan abitan zòn sa yo te oblije pran ti bato pou al pran refij yo nan zile Lagonav nan lannuit vandredi 25 oktòb la. Moun sa yo ki gen ak yo ti bebe te pran anpil seren nan Waf Ansagalè a, daprè sa La Nouvelle rapòte.
Fas ak moman difisil sa a popilasyon an ap viv nan peyi a, chèf komisarya lagonav la mande otorite yo pou ranfòse sekirite epi mete bon jan kontwòl nan pò yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024