Nan kad jounen latino amerikèn libète laprès la, Solidarite Fanm Ayisyèn Jounalis yo (SOFEHJ) te òganize ayè vandredi 6 jen 2025 lan yon kozri pou jounalis yo. Kozri sa te fèt Petyonvil, anba tèm « jounalis ayisyen Fas ak pwoblematik relasyon ayisyano dominikèn ». Se te madanm Lespinasse Colette ki te entèvenan nan aktivite sa a.
« Se yon sijè ki enpòtan anpil lè nou konsidere kijan relasyon Ayiti ak Repiblik dominikèn toujou gen difikilte ladan l », se sa manm fondatris Gwoup Apui pou Rapatriye ak Refijye yo (GARR), Colette Lespinasse deklare. Nan sans sa a, li te mete aksan sou sitiyasyon aktyèl la kote Repiblik dominikèn ap ranmase Ayisyen, desandan ayisyen, ak moun nwa ki lakay li pou voye tounen Ayiti, epi sou divès move diskou dirijan dominikèn yo ap genyen sou peyi a.
Pandan jounen kozri sa a plizyè pawòl te pale. Pami yo nou jwenn sitiyasyon dyaspora ayisyèn nan an Repiblik dominikèn, komès binasyonal la ak tout règ yo, epi kalite enfòmasyon k ap pataje sou relasyon 2 peyi yo.
Nan zafè kouvèti medyatik la, espesyalis nan dwa migran yo fè konprann nesesite ki genyen pou jounalis Ayisyen yo fokis sou sa k ap pase keseswa sou fwontyè a osnon sou sòl dominiken an. Se pou tèt sa a li deklare : « Nou menm vle nou vle lajistis, ak respè. Se sa ki bousòl nou e se sa m panse yon jounalis responsab sou zile a dwe adopte lè l ap abòde kesyon ki gen rapò ak relasyon ayisyano dominikèn ».
Nan demach sa a militant lan soulinye chak peyi yo gen bon kote ak move kote. Men, li fè konnen bon bagay yo dwe pale tou. Se sa k fè, li mande pou travayè laprès yo nan toulède bò a pale sou bon bagay ki genyen yo epi konseye jounalis ayisyen yo evite vann sa ki plis pa bon yo bay Dominiken yo.
Pou sa fèt, li konseye pwofesyonèl laprès yo pou chache aprann konnen sa ki ap pase Repiblik dominikèn sitou sou fwontyè a. Chache pale e konprann lang espanyòl la, epi devlope bon jan relasyon ak jounalis dominiken yo, puiske li soulinye gen anpil ki toujou ap denonse move aksyon gouvènman yo a ap fè sou migran ayisyen yo.
Yon lòt kote, li mansyone antanke peyi ki se 2yèm patnè ekonomik Sendomeng, e 2yèm peyi kote kominote ayisyèn nan plis, dwe gen bon jan chita pale ant otorite 2 peyi yo. Sa ap pèmèt, selon li menm, gen yon pi bon relasyon diplomatik e ant vwazen, kote li t ap vin pwofitab pou migran yo ki ap pase tray.
Li te kontinye pou di tou, dwe gen diskisyon epi bon jan politik sou jan mache binasyonal la fonksyone. Daprè li sa a ap pèmèt ekonomi Ayiti a vin djanm pou se pa sèlman Dominiken k ap fè kòb ak Ayisyen.
Bò kote patisipan yo, yo fè kwè se yon sijè ki gen gwo enpòtans. Paske yo estime malgre tout pwoblèm ki genyen, Ayiti ak Repiblik dominikèn kondane pou yo viv ansanm sou zile a.
Madanm Lespinasse Colette se jounalis, militan ak edikatris dwa moun espesyalman dwa migran ak fanm yo. Li se manm fondatris GARR, li ap kolabore ak Foyer Maurice Sixto (FMS), li se manm Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen yo (REDMA). Nan lane 2008 rive 2010 li te reprezante nan Wo Komisarya Nasyon yo pou Refijye yo (UNHCR), nan lane 2012, Lespinasse te pran pri Refugees Internacional Richard Holbrooke epi an mas 2014 anbasad amerikèn an Ayiti te onore l kòm fanm kouraj.
N ap raple, jounen latino amerikèn libète laprès selebre chak 7 jen. Chak dat sa rive divès estrikti jounalis, òganizasyon entènasyonal tankou UNESCO ak kèk Ministè nan gouvènman ayisyen an toujou selebre li. Demach sa se pou kapab kontinye reflechi sou metye a nan rejyon an e sou menas ki genyen sou libète laprès la.
Achille Marie Mika
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025