Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

SOFEHJ reyalize 2 jounen fòmasyon pou fanm jounalis nan kad 16 jou aktivis kont vyolans sou fanm ak tifi

Mag Haiti by Mag Haiti
December 7, 2024
in Société
0
SOFEHJ reyalize 2 jounen fòmasyon pou fanm jounalis nan kad 16 jou aktivis kont vyolans sou fanm ak tifi

Nan kad 16 jou aktivis k ap fèt kont vyolans sou fanm ak tifi ane sa, Solidarite Fanm Ayisyen Jounalis (SOFEHJ) te rive reyalize 2 jounen fòmasyon pou fanm jounalis yo nan Otèl Montana 5 ak 6 desanm 2024 la. Aktivite sa te fèt nan tèt kole ak UNESCO anba tèm «Medya yo kòm zouti pou plede ak ede viktim vyolans sou jan».

Sòti 5 pou te rive 6 desanm nan anviwon 20 jounalis fanm te rive resevwa fòmasyon sa. Nan premye jou a, pwofesyonèl laprès sa yo te gen chans konnen divès konsèp ki gen rapò ak Vyolans sou Jan (VBG) gras ak youn nan panelis yo, Jéruscha Vasti Michel. Konsa, yo te rive konnen kòman pou yo fè plis bri epi kontribye nan elimine vyolans medam yo ap sibi yo.

Panche sou twomatis yo san okenn diskriminasyon, bay lapawòl ak viktim yo, bon jan apwoch bò kote viktim VBG yo, se nan demach sa patisipan yo te rive reyalize epi prezante plizyè travay. Aprè etap sa, yo te rive analize ansanm divès ka yo te trete nan repòtaj yo te reyalize yo.

Pou sa ki gade 2yèm jounen an, jounalis sa yo te jwenn bourad nan kesyon responsabilite medya yo nan pale sijè sou VBG gras ak entèvansyon kòdonatris SOFEHJ la, Martine Isaac. Nan yon lòt tan, Vanessa St Val ansanm ak Violine Thelusma ki se responsab kominikasyon UNESCO te kontinye youn aprè lòt pou te pale sou lidèchip, ranfòsman patisipasyon fanm jounalis nan lavi piblik epi Edikasyon Medya yo ak Enfòmasyon (EMI) yo.

Nan deklarasyon patisipan yo, yo fè konnen se te 2 jounen kote yo te aprann anpil, e pwomèt yo pral kontinye travay yon fason pou elimine vyolans sou jan fanm ak tifi ak sibi an Ayiti.

«Mwen deja wè mwen ki ap sansibilize lòt jèn sou VBG paske anpil fanm lè yo sibi vyolans keseswa fizik, sikolojik, seksyèl yo pa vle pale yo pè pou moun pa jije yo, e yo pa menm vle ale nan enstans ki kapab akonpanye yo pou sa», daprè jounalis Angy Desravines. Pou fini, li di li swete louvri yon espas nan emisyon l anfavè viktim yo, puiske li fè konprann fòmasyon sa te benefik pou li.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 513
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Gouvènman ayisyen an anonse yo pran mezi pou ede viktim inondasyon nan pwovens yo

Next Post

Terrorisme à Christ-Roi: La coalition « Viv Ansanm » plonge le quartier dans le chaos

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Terrorisme à Christ-Roi: La coalition « Viv Ansanm » plonge le quartier dans le chaos

Terrorisme à Christ-Roi: La coalition « Viv Ansanm » plonge le quartier dans le chaos

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,896)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,009)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,184)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,924)

Nouveaux Articles

  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik
  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?