Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

SOFEHJ fete 16 lane l anba tèm responsablite medya yo fas ak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi

Mag Haiti by Mag Haiti
August 24, 2024
in Société
0
SOFEHJ fete 16 lane l anba tèm responsablite medya yo fas ak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi

Pou fete 16 lane yo, Solidarite Fanm Ayisyen Jounalis (SOFEHJ) te òganize vandredi 23 dawout 2024 la, yon bwase lide sou responsablite medya yo fas ak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi (VFFF), nan Bibliyotèk Michel Tardieu a ki chita kò l nan Petyonvil. Nan sans sa, divès espesyalis te pale sou yon sijè ki te sòti nan tèm jounen an, ki ta pral bout ak yon atelye pou te fè konsta yo e pote konsèy.

Nan evènman sa responsab estrikti a rele “World café“, plizyè pèsonalite tankou pwotektè sitwayen an, Renan Hédouville, kòdonatè Enstiti Panòs la, Jean Claude Louis, Anson Dasius ki se reprezantan OCNH te prezan. Yon lòt kote, nou te jwenn tou plizyè manm estrikti a, kòdonatris jeneral SOFEHJ la, Martine Isaac ak plizyè lòt aktè nan sosyete sivil la.

Pou sa ki gen pou wè ak entèvenan ki te pale sou tèm nan responsablite medya yo fas ak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi (VFFF) a nan yon premye tan te genyen reprezantan OCNH la, Anson Dasius ki te debat sou Vyolans sou Jan (VBG). Yon lòt bò, te genyen Me Rebecca Revali ki te pale sou prizanchaj Vyolans sou Jan (VBG) ak kibò yon viktim kapab pote plent. Pou dènye entèvansyon an, kòdonatè jeneral Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) an li menm, Jacques Desrosiers te pale sou wòl medya yo ka jwe nan konbat vyolans sou medam yo.

Nan deklarasyon manm Solidarite Fanm Ayisyen Jounalis yo fè, yo fè remake jounen sa pèmèt yo kapab wè plas tematik vyolans genyen nan medya yo. Pou tèt sa, yo rekòmande pou medya yo ta re oryante yo yon fason pou kapab bay jarèt plis avèk tèm sa yo.

«Nou genyen nan men nou antanke jounalis pou n al fè emisyon, travay, pran medya yo pou n al bay tematik sa plas li nan medya. Paske lè n fè konsta nou wè tematik vyolans lan li pa gen tout plas li nan medya, yon moun ka viktim yo fè yo ti pale sou li tandiske lòt tematik ki ap trete nan sosyete a gen plis plas», daprè kritik jounalis Chrisnette Saint-Georges. Pi lwen, li di li kwè pou 16 lane sa tou, se te yon opòtinite yo te genyen pou te konprann pi byen se laprès ki dwe mennen sosyete a olye se yo k pou ta kite moun mennen yo.

“Degaje nou kou mèt Janjak pou nou rebay sosyete a imaj li, paske yon sosyete nan nivo li ye a, delenkans jan genyen l lan, se laprès ki ka ba nou yon bourad pou remete l nan plas li te ye a”, toujou selon vwa meteyo ayisyen an.

Pou fini, Madanm Saint-Georges ansanm ak plizyè jounalis ki te patisipe nan atelye ki te fèt la mande pou medya yo aprann fè chwa konsènan sijè yo. Puiske yo menm, yo fè kwè yo rive wè se faktè ekonomik ki pafwa konn fè vyolans pa trete nan espas medyatik la, kidonk yo konseye pou gen plis pwodiksyon nan sans sa yon fason pou deriv sosyete a kapab kaba, e rive gen sosyete tout ayisyen reve a tout bon.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 697
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Polis Nasyonal la arete yon fonksyonè leta ki ta nan trafik zam

Next Post

Lapolis touye plizyè bandi epi sezi 2 zam nan yon operasyon yo fè nan Gresye

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis touye plizyè bandi epi sezi 2 zam nan yon operasyon yo fè nan Gresye

Lapolis touye plizyè bandi epi sezi 2 zam nan yon operasyon yo fè nan Gresye

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,041)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,807)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,873)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?