Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Selon UNICEF gen anviwon 3 milyon timoun nan peyi Dayiti k ap soufri grangou

La rédaction by La rédaction
18 June 2023
in Société
0
Selon UNICEF gen anviwon 3 milyon timoun nan peyi Dayiti k ap soufri grangou

Nan yon rapò Fon Nasyonzini pou timoun(UNICEF) bay nan semèn sa, li fè konnen gen ijans pou timoun Ayiti yo. Konsa nan chif yo bay yo, yo fè kwè se anviwon 3 milyon timoun k ap soufri grangou epi k ap mal manje nan moman an akòz vyolans maladi kolera, katastròf natirèl ki gen nan peyi a.

Selon òganis Onizyen an, 3 milyon timoun sa yo nan yon sitiyasyon kote yo bezwen yon èd imanitè, e daprè sa yo di yo potko janm rive anrejistre chif sa yo avan sa. Se sa k fè tou, Bruno Maes ki se youn nan reprezantan UNICEF nan peyi a te deklare pou di “timoun Ayiti yo ap pase yon move pas yo pa te janm konn fè fas ak yo nan tout listwa, kounya yo plis fè fas ak danje. Timoun sa yo pèdi lespwa yo bezwen pwoteksyon ak asistans”.

Pandan genyen nan yo grangou mete yo nan sitiyasyon difisil, gen anviwon 30 % lòt ki fè malnitrisyon ki ka koz yo mouri. Daprè rapò yo a, sou 4 timoun gen youn nan yo ki soufri malnitrisyon kwonik nan peyi a.

Mete sou kote vyolans gang yo, dezespwa, ak move lavi, òganis la fè konprann timoun yo viktim tou nan kesyon move tan peyi a ap konnen pandan sezon siklòn nan. Men malgre sa, responsab yo di malgre tout defi ekonomik yo kontre yo rive jwenn 15% nan 246 milyon dola y ap rasanble pou pote èd yo sou teritwa nou an.

Pandantan sa, ayè vandredi 16 jen an, Konsèy Ekonomik Sosyal Nasyonzini an te konvoke kèk òganis ameriken ki la pou bay èd yo tankou Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO), Pwogram Alimantè mondyal(PAM), nan yon reyinyon prese prese pou te diskite sou kòman yo ka reponn ak ijans imanitè ki genyen nan peyi Dayiti a, daprè Miami Herald.

“Gen yon sitiyasyon imanitè ki ijan. Se pou sa, nou vle eseye panche sou nesesite ki genyen pou Ayiti ta konble tèt li pou kont li nan zafè pwodiksyon alimantè. N ap wè ki mwayen ki genyen pou konstui chèn agrikòl la, jan pou n kreye yon fason pou n plante men tou, pou n transfòme epi mete sou pye yon endistri alimantè an Ayiti“, se deklarasyon reprezantan kanadyen nan ONU an, Bob Rae.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 288
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Rapè Ayisyano-ameriken an Kodak Black di li te ka yon bon prezidan pou Ayiti

Next Post

25 000 migrants haïtiens rapatriés pour le mois de mai, indique le GARR

La rédaction

La rédaction

Next Post
25 000 migrants haïtiens rapatriés pour le mois de mai, indique le GARR

25 000 migrants haïtiens rapatriés pour le mois de mai, indique le GARR

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

ADVERTISEMENT

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (69,895)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,843)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (29,408)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,721)

Nouveaux Articles

  • Rivière massacre : des Grenadières encouragent la construction du canal en Haïti
  • Ministè Agrikilti dominiken siyen akò ak pwodiktè yo pou achte tout ze y ap pwodui
  • RD: un Dominicain et 2 étrangers arrêtés pour trafic de drogue et blanchiment d’argent

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In