Nan yon rapò yo pibliye ayè vandredi 25 avril 2025 lan, Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) lonje dwèt sou otorite yo nan leta a kòm moun k ap gaspiye san jwenn solisyon ak pwoblèm yo. Nan dokiman sa, òganis la revele yon konseye koute leta 13 500 000 goud san lajan fèt ak lòt dil pa ladan l. Kidonk, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak gouvènman an fè yon pakèt depans pou tèt yo, alòske nan zafè sekirite, peyi a pa gen okenn bon rezilta ki bay.
Nan yon premye tan, RNDDH fè konnen chak manm KPT a koute trezò piblik la 10 milyon goud chak mwa. Mete sou sa, li revele tou pandan chak mwa ankò, yo chak la jwenn 93 500 000 goud, sa ki fè yon total 1 122 000 000 goud sou tout yon ane. Pou sa ki gen pou wè ak lòt depans yo, òganis la soulinye 9 gwo tèt yo jwenn yo chak la 3 500 000 goud kòm lajan manje. Epi pou peryòd fèt sitou pou Pak la, yo te leve ant 3 milyon ak 5 milyon goud.
Pou dosye vwayaj, yo di yo jwenn KPT a fè pou pi piti 15 sou yon lane. Alòske, gouvènman Garry Conille an li menm te fè pou pi piti 3 pandan 5 mwa. Pou chak vwayaj yon manm konsèy la fè, yo estime moun ki te deplase a jwenn 5 mil dola vèt, kote yon sèl grenn nuit koute mil dola ameriken. Anplis gwo lajan chèf yo depanse epi jwenn nan sikonstans sa yo, òganizasyon an soulinye gen lòt depans ki fèt toujou puiske se leta ki toujou responsab kantite moun, ki konn nan delegasyon yo. Li konn pou pi piti 15 moun.
Fòk nou di, nan rapò sa a yo kritike Konsèy la ki pa janm vle kreye Ògan Kontwòl Egzekitif la (OGAC). Daprè yo menm, enstans sa te ka evite divès eskandal non konseye yo site ladan l. Se sa ki fè, yo deklare moun sa yo vin ap fè sa yo vle san okenn enstans pou met kontwòl sou yo.
«Depi lè l monte a, KPT a ap tòde san kanpe kès leta a, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a pa fè pi bon aksyon pase sa», daprè sa Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa moun yo ekri nan dokiman an. Pi devan, yo mansyone tou divès vwayaj ki fèt yo ki poutan pa pote okenn rezilta pou ta retire peyi a nan kriz li ye a.
Ofinal, pou yon lane sa a, sòti nan manm KPT yo pase pran gouvènman Conille an jiska Fils-Aimé, RNDDH konsidere se yon tan pèdi. Paske, lajan pa sispann gaspiye epi pòs yo pa sispann separe ant yo menm san okenn konpetans. Pandantan sa a, genyen popilasyon an li menm ki kontinye ap mouri anba bal mawon, kouri kite kay yo pou gang. Genyen sila yo k ap soufri grangou, viv nan move kondisyon nan kan deplase epi anpil konpatriyòt ap pran imilyason Sendomeng, Etazini ak divès lòt peyi yo te imigre.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025