Nan rapò yo fè sou 3 dènye masak gang fè nan Pòtoprens la, Rezo Nasyonal k ap defann Dwa Moun yo (RNDDH) fè konnen kriminèl yo touye omwen 139 moun Kenskòf. Masak sa fèt nan atak alye gang Izo 5 segonn yo te fè 27, 28 ak 29 janvye 2025 lan.
«Genyen omwen 139 moun ki ansasinen oubyen disparèt», daprè sa RNDDH di. Pi lwen, li revele atak sa se yon pitit zòn nan menm ki lakoz li. Yo idantifye moun sa a kòm yon prizonye ki te sove nan prizon e ki rele Pierre Fils Orvil.
Nan dokiman sa a, Rezo k ap defann dwa moun yo rakonte istwa 66 fanmi viktim epi 43 pwopriyetè ak lokatè ki pèdi kay yo anba flanm dife.
Plizyè fanmi peri nan masak sa a
Nan yon premye tan, yo soulinye genyen Evens Azor, madanm li Bertide Desius ak 2 pitit yo ki se Déborah epi Marvens gang yo touye epi boule kò yo. Genyen tou Petuel Cantave ak pitit gason li Jerry Cantave, epi Marcula Fortilus ak pitit fi li Siliane Syline ki mouri menm jan an.
Nou jwenn tou mari ak madanm ki peri tankou : Levelus Lorancin ak Marissia Paul, Junior ak madanm li, Bergil Charles ak Sylvina Douce. Nan fanmi Lherisse genyen 6 moun bandi yo ansasinen, nan fanmi Volcy yo masakre 4 moun, epi yo sakrifye tou 2 manm nan fanmi Télémaque. 2 moun sa yo idantifye kòm ti bebe 2 mwa Eliana Télémaque la ak granpapa pitit la, ki se Gaston Télémaque. N ap fè konnen, kèk jou aprè sakrifis ti bebe sa a bandi te voye nan dife a, Eliana Télémaque te pèdi lavi l tou akoz gwo chòk li te sibi a.
Nan yon lòt tan, nou jwenn daprè rapò a non sa yo kòm moun ki te mouri poukont yo : Zabelle César, Elus Dieudonne, Robinson Desrosiers, Raoul Dorceise, Venicia Germain, Diveus Innocent, Venicia Jeune, Charistain Joseph, Gracia Paul Joseph, Camès Joseph, Marie Jean Joseph, Joël Laurent, Philius Lherisse, Herold Miraccin, Roseline Moneus, Ferdinand Myrtil, Emmanuel Nerilus, Davilus Pavilus, Justin Raymond, Julia Séraphin, Daniel Tisse, Lucien Vilus Vertus, Verilus Vilus Vertus, Claude Exilien, Milford Destin, Jean-Phény Étienne, Fenicie Felix, Antoine Fleurat, Marie Irois, Junia Jean Merilus Jean, Saint-Victor Lorencin, Augustin Michel, Christina Nazaire, Wana Sylvestre, Victor Jean, Letanne Louis ak madan Dieusel Jean.
Òganizasyon sa k ap defann dwa moun yo revele pifò viktim sa yo aprè bandi te fin touye yo, yo te met dife sou kadav yo tou. Kèk grenn sa yo pa t boule yo, RNDDH di se chen ki manje kò yo. Gen kèk nan moun sa yo tou fanmi yo te rive antere yo kanmenm.
9 moun disparèt plizyè kay pase anba flanm dife
Nan atak sa gen 9 moun RNDDH di li anrejistre ki disparèt. Nou jwenn fanmi Serant ki gen 6 moun ladan li, Johny Jean Baptiste, Marcelus Accide ak Hervé Claude. Moun sa yo depi aprè atak la fanmi yo pa janm wè yo, daprè sa òganizasyon an ekri.
Pou sa ki gen pou wè ak kay ki boule yo, ògàn sa a sa fè konnen gen 43 moun ki deklare yo pèdi tout sa yo te posede.
Komin Kenskòf sibi plizyè atak anba men gang Viv ansanm yo deja. Men, atak depi 27 a pase pran kòmansman fevriye a se te moman yo te fè plis dega. Fòk nou di, menmsi RNDDH sèlman mansyone Pierre Fils Orvil kòm moun ki te montre bandi yo zòn yo nan komin nan, men tou genyen Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki lonje dwèt li sou ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine kòm moun ki ta bay gang lajan, ki ta nan asosiyasyon malfektè epi ta nan fè konplo kont leta.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025