Nan dènye rapò Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) pibliye vandredi 28 fevriye pase a, li fè konnen gen pou pi piti 20 moun ki mouri nan masak bandi te fè Chatoblon an. Bandi yo te masakre moun sa yo nan jou ki te dimanch 16 fevriye 2025 lan.
Bandi ak zam yo kontinye ap fè krim nan peyi a. Nan lokalite Chatoblon, ki twouve l Wout Frè, bandi touye pou pi piti 20 moun, daprè sa RNNDH eksplike nan rapò sa. Pandan atak sa, gang yo te vyole yon tifi 10 lane tou, toujou selon Rezo nasyonal dwa moun nan.
Moun sa yo pèdi lavi yo aprè kèk ajan fòs lòd ki te nan yon cha te touye Annil Jean-Philippe alias Ti Nonm ki te manm gwoup gang Kraze Baryè, Vitelhomme Innocent ap dirije a. Endividi sa te twouve l ant lokalite Chatoblon ak Peti Twoupo.
Daprè rapò a, gwoup gang sa te fache aprè ansasinay Annil Jean-Philippe e te lonje dwèt sou manm nan popilasyon Chatoblon ak Peti Twou kòm moun ki ta bay Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) enfòmasyon. An konsekans, Stanley Jean-Philippe, pitit Annil, ki li menm tou nan gang sa, te mande Vitelhomme Innocent otorizasyon. Sa ki te bout ak masak popilasyon 2 lokalite sa yo 16 fevriye 2025 la.
Plizyè fanmi peri nan masak sa a
Nan yon premye tan, RNDDH eksplike gen 4 moun ki te kouri kite kay yo nan lane 2023 ki viktim anba men bandi yo lè yo te kòmanse vanjans yo a. Jean Baptiste Desamour, Habakuk Jean Baptiste ak Ednidge Pierre-Louis se te 3 sè ak frè plis JL ki pa t fanmi yo ki mouri nan kay kote yo te ye a.
«Fagnole Jean Baptiste Desamour, se madanm FD li gen 37 lane, li t ap lave nan moman bandi yo te kòmanse tire nan zòn nan. Li te oblije kouri al kache, men lè l rive devan pòt la, bandi yo te fòse l ouvri pòt la, pandan li fè sa yo tire l nan do», selon istwa viktim nan ki rapòte nan dokiman 26 paj sa a.
Nan yon lòt tan, nou jwenn frè premye madanm nan ki te rele Habakuk Jean Baptiste li te genyen 42 lane. Li menm li te mouri tousuit aprè l te resevwa yon bal anba bra li. Lòt 2 viktim yo se : Ednidge Pierre-Louis ki li menm se te demi sè 2 premye moun yo. Epi gen yon jèn gason 18 lane, yo idantifye sou non JL, ki t ap fè NS4 li te rete nan kay la tou ki pèdi lavi l tou.
Anplis moun sa yo, òganizasyon an di genyen Jamsley Lorme alias Didier ki te gen 27 lane yo touye epi boule devan lakay li. Nesly Marc, Tiguène Jean-Philippe, Charles Papee, Rousseau Dominique, Ernson Calixte, François Pierre, madanm li Marie Denise Mondestin, ak bò frè l Jackito Mondestin tout moun sa yo mouri lakay yo osnon pandan yo t al achte kay yon vwazen.
Bandi yo fè kadejak sou yon tifi 10 lane
Se nan menm jou sa tou òganis lan revele bandi ak zam yo te vyole yon tifi 10 lane. Aksyon sa te pase pandan timoun sa a t ap ale lakay yon vwazen : «Li te pran l mennen l nan yon kay ki pa gen moun epi li fè kadejak sou li. Avan l ale, li menase l epi mande l pou li pa rakonte pyès moun sa ki pase a», se deklarasyon RNDDH.
Aprè masak sa, fanmi viktim yo ki t ap kouri pou vyolans gang yo oblije al pran refij yo nan divès kan tankou Kan Ayitèl la. Nan bò pa yo, RNDH mande ak otorite sitou sila ki nan lapolis la ak nan lajistis la pou bay popilasyon an èd finansyè, medikal ak sikolojik.
Pou fini, li mande pou yo itilize tout mwayen nesesè pou kapab retabli lòd ak sekirite nan depatman Lwès la. Epi chache bandi ak zam yo nan lide pou jije yo ak kondane yo pou krim
yo fè kont popilasyon ayisyèn nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025