Nan rapò sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini an, António Gutterres, te voye pou Konsèy sekirite a jedi 27 fevriye pase a, li fè konnen mache zangi a chaje krim k ap fèt ladan l an Ayiti. Selon li menm, plizyè moun ki nan komès sa nan peyi a ta nan blanchiman lajan ak nan trafik dwòg.
«Depi plizyè lane, an Ayiti gen pawòl k ap pale pou di gen plizyè gwo aktè politik ak ekonomik ki ta enplike nan ni trafik zangi ni trafik dwòg», daprè sa ki ekri nan rapò sa ki fèt la. Pi lwen, António Gutterres di moun sa yo se moun ki konn blanchi lajan dwòg ak lajan ekspòtasyon zangi yo.
Menmsi l pa site okenn non, men sekretè jeneral ONU an fè kwè moun sa yo ki gen nasyonalite ayisyèn nan nan yon gwo rezo kriminèl. E se yo menm ki konn ap jere dosye komès ilegal sou espas sovaj yo. Sa ki fè, yo reprezante gwo danje pou espès sa yo nan lanmè a, daprè li.
Li fè konprann moun sa yo ap opere espesyalman an Ayiti, nan Karayib la, an Azi ak nan rès mond lan. Mesye Gutterres lonje dwèt sou yon ti gwoup antreprenè ki sòti nan Asosiyasyon Nasyonal pou pwoteksyon resous akwatik yo ki yo menm ta akize nan iregilarite ak nan move pri.
Pou sa ki gen pou wè ak travay ki fèt sou krim ki gen nan komès bèt sovaj nan lanmè a nan mond lan, António Gutterres site yon rapò ONUDC te sòti nan lane 2020 ki pale sou jan komès sa gen anpil lajan ak blanchiman. Genyen tou Ajans Inyon Ewopeyèn pou Koperasyon sèvis represif yo (Europol) ki pale sou kontrebann ki genyen sou zangi an Ewop yo.
Malgre tout danje ak krim ki genyen, nimewo 1 nan Nasyonzini an di trafikan yo pwofite feblès sèvis finansye ak sa ki pa finansye yo. Se pou sa li regrèt pou li deklare : «Sèvis represif yo se pa tout tan yo mennen ankèt sou dimansyon finansyè ki gen nan krim sa yo».
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025